Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Estè 2:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Apre sa, jenn fi ki va satisfè wa a pi plis la va vin rèn nan plas Vasti.” Wa a te wè se te yon bon lide, epi l fè sa kon sa vre.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Lèfini, jennfi ki va fè ou plezi plis la, w'a mete li larenn nan plas Vasti. Wa a wè se te yon bon lide, li fè sa konsa vre.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Alò, kite jenn fi ki bay wa a plezi a, vin regne la nan plas a Vasthi a.” Koze a te fè wa a kontan e se konsa li te fè l.

Gade chapit la Kopi




Estè 2:4
11 Referans Kwoze  

Wa a ak tout lòt gwo chèf yo te renmen konsèy Memoukan an. Wa Asyeris tou fè sa Memoukan te di a.


Lòt fwa yo t ap rasanble medam yo kay wa a, Madoche t ap travay kòm ofisyèl gouvènman an nan antre palè.


Se pou wa a chwazi yon delege nan chak pwovens wayòm li a epi y a mennen ba li tout bèl jenn fi vyèj sa yo nan sitadèl lavil Souz la, kapital la. Yo va mennen fi sa yo kote medam yo ye nan sitadèl la epi, Ege ki responsab enik wa yo, va bay tout jenn fi sa yo bon jan swen ak pwodui pou yo pase sou kò yo.


Pandan tan sa a, te gen yon jwif ki soti nan ras Benjamen ki t ap travay nan sitadèl la, Souz, kapital la. Nonm sa a te rele Madoche. Li se pitit Jayi, pitit Chimeyi epi pitit Kich.


Men, nan jou fèt anivèsè nesans Ewòd, pitit fi Ewodias la te tèlman byen danse devan envite yo, sa te fè Ewòd plezi anpil.


Konsa, anpil moun ki nan dènye plas kounye a ap gen pou vin premye. Anpil moun ki premye kounye a gen pou yo vin dènye.”


Wi, Bondye rele anpil moun, men se sèlman yon ti ponyen li chwazi.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite