Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 8:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Men Bondye te jwenn gen bagay ki pa t bon lakay pèp la. Bondye di: “SENYÈ a deklare, jou yo pa lwen rive pou mwen fè pèp Izrayèl la ak pèp Jida a yon nouvo pwomès.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Men, Bondye te gen repwòch pou l fè pèp li a. Se sa k fè Bondye di: Gade, pa rete lontan ankò anvan pou m fè yon lòt kontra avèk pèp Izrayèl la, avèk branch fanmi Jida a.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Paske akoz Li twouve fot nan yo, Li di: “Gade byen, jou yo ap vini, di Senyè a, lè Mwen va fè yon akò tounèf avèk kay Israël la e avèk kay Juda a;

Gade chapit la Kopi




Ebre 8:8
25 Referans Kwoze  

Sa a se san mwen k ap siyen nouvo kontra a. L ap koule pou padon peche anpil moun.


Jezi di yo: “Sa a se san mwen, san k ap siyen nouvo kontra a. L ap koule pou siyen nouvo kontra Bondye fè ak anpil moun.


Apre sa, Jezi di disip yo: “Gen yon tan k ap vini kote n ap anvi wè youn nan jou Pitit Lòm nan, men nou p ap ka wè l.


Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo diven an, li di yo: “Sa a se san mwen k ap siyen nouvo kontra a. L ap koule pou padon peche nou.”


Se poutèt sa, moun mete diven nouvo nan yon barik nèf.


Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo diven an, li di yo: “Sa a se san mwen k ap siyen nouvo kontra a. Fè sa pou n kapab sonje m, chak fwa nou bwè li.”


Se li menm ki ban nou kapasite pou nou travay kòm sèvitè l anba nouvo kontra a. Kontra sa a pa depann de lalwa, men li depann de Sentespri a. Lalwa pote lanmò, men Sentespri a bay lavi.


Nou vini bò kote Jezi, li menm ki vini ak nouvo kontra Bondye siyen ak pèp li a. Yo te aspèje w ak san Jezi ki te koule a, san k ap di bagay ki pi bon pase san Abèl la.


Se sa ki fè, Jezi se garanti Bondye bay pèp li a pou l montre li fè l yon pi bon pwomès.


Lè Bondye di l ap fè yon nouvo kontra, li fè premye a tounen yon ansyen kontra. Bagay ki ansyen moun p ap sèvi ankò pa lwen disparèt.


Jezi li menm gen yon travay ki pi enpòtan. Li rann yon nouvo akò posib ant Bondye ak pèp li a. Akò sa pi bon paske li chita sou anpil pwomès ki pi bon.


Se poutèt sa Kris negosye yon nouvo pwomès pou pèp li a. Konsa tout moun Bondye chwazi yo ap ka jwi eritaj etènèl Bondye te pwomèt yo. Sa posib paske Kris te mouri pou libere lèzòm anba peche yo te komèt lè yo te nan premye pwomès la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite