Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 4:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Konsa, Bondye planifye yon lòt jou espesyal. Li rele jou sa a “jodi a”. Li te pale sou jou sa a pa mwayen David byen lontan apre l fin planifye l. Nou site pawòl sa a deja: “Si ou tande vwa Bondye jodi a, pa fè tèt di.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Se sa k fè, Bondye chwazi yon lòt jou li rele jòdi a. Li pale sou jou sa a lontan lontan apre, nan pawòl David nou jwenn nan Liv la, pawòl mwen deja di nou an: Si nou tande vwa Bondye jòdi a, pa kenbe tèt ak li.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Li ankò fikse yon sèten jou, “Jodi a”, e sa te ankò di atravè David apre anpil tan menm jan ke Li te di avan an: “Jodi a, si nou tande vwa Li, pa andisi kè nou.”

Gade chapit la Kopi




Ebre 4:7
12 Referans Kwoze  

Jezi di yo: “Si se konsa, poukisa David rele l Senyè? Se anba kontwòl Sentespri David t ap pale, lè l di:


Paske David li menm, anba enspirasyon Sentespri, te di: Senyè a di, Senyè m nan: Chita sou bò dwat mwen, jouktan m fè lènmi w yo tonbe anba pouvwa w.


Se David menm ki di nan liv Sòm yo: Senyè Bondye di Senyè mwen: Chita sou bò dwat mwen,


Frè m yo, mwen pran libète pou m di nou kareman, zansèt nou David mouri, yo antere li, epi tonbo li toujou la jouk jodi a nan mitan nou.


David te gentan wè sa Bondye t apral fè a depi byen avan, se sa k fè li te pale kon sa konsènan rezireksyon Kris la. Li di: Bondye pa t kite l kote mò yo ye a, Bondye pa t kite kò li pouri nan tonbo a.


Lè a te rive pou yo pati, men yo pa t dakò youn ak lòt. Pòl te sèlman di mesye yo: “Sa Sentespri a te di sou zansèt nou yo pa mwayen pwofèt Ezayi a se verite a:


Se sa menm ki fè Sentespri a di: “Si ou tande vwa Bondye jodi a pa fè tèt rèd, menm jan ou te fè, lè w te vire do bay Bondye a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite