Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 4:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Pawòl Bondye vivan epi li fè efè sou moun. Li pi file pase yon kouto debò. Li rive lwen jouk rive kote nanm ak lespri mare ansanm, kote zo ak mwèl fè youn. Li jije panse ak dezi ki nan fon kè lèzòm.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Pawòl Bondye a se pawòl ki gen nanm, li gen pouvwa. Li file pase kouto famasi. Li ka koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri kontre fè yonn, jouk kote vyann ak mwèl rankontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Paske pawòl Bondye a vivan, aktif, li pi file pase yon nepe ki koupe de bò. Li penetre rive jis lè l divize nanm nan ak lespri a, menm jwenn zo ak mwèl, e li kapab jije panse ak lentansyon a kè yo.

Gade chapit la Kopi




Ebre 4:12
42 Referans Kwoze  

Men sa parabòl sa a vle di: Grenn yo se pawòl Bondye a.


Yon moun ki rejte m epi ki pa fè ka pawòl mwen, li gentan gen jij li: Pawòl mwen yo, se yo k ap jije li nan dènye jou a.


Mwen se pen vivan an ki desann soti nan syèl. Nenpòt moun ki manje nan pen sa a, l ap viv pou tout tan. Pen sa m ap bay la, se kò mwen. M ap bay li, kon sa moun nan lemonn kapab gen lavi lè m va mouri pou yo.


Lè foul la fin tande sa Pyè te di a, kè yo te fè yo mal anpil. Yo te regrèt sa. Lè sa a, yo di Pyè ak lòt apot yo konsa: “Frè nou yo, kisa pou nou fè?”


Apre kwayan yo te fin priye Bondye konsa, kote yo te rasanble a te pran tranble. Tout moun ki te la, san manke youn, te vin ranpli ak Sentespri a epi yo te tonbe preche mesaj Bondye a san pè anyen.


Lè lidè ki te nan Konsèy la tande pawòl sa yo, yo te tèlman fache jouk yo te rive pran desizyon pou yo te fini ak apot yo.


Se li menm ki te ansanm ak pèp Bondye a lè yo te nan dezè a. Li te nan dezè a ansanm ak zansèt nou yo ak anj Bondye a ki t ap pale ak li sou gwo mòn Sinayi a. Li te resevwa pawòl vivan an nan men anj lan pou l transmèt li ban nou.


Pou mwen, pa gen wont nan prezante Bòn Nouvèl la. Paske se puisans Bondye li ye, pou sove nenpòt moun ki kwè: pou sove Jwif yo an premye, epi kounye a pou sove sa yo ki pa Jwif tou.


Men, pou moun Bondye rele yo, swa moun ki Jwif swa moun ki pa Jwif, Kris la se puisans ak sajès Bondye.


Gen yon bagay ki sèten, nou pa fè pati moun k ap vann pawòl Bondye a pou fè pwofi. Avèk èd Kris la, nou prezante mesaj la avèk senserite, paske nou konnen nou gen pou n rann li kont.


Men, nou voye jete tout metòd mètdam ak tout sa ki ka fè moun wont. Nou pa sèvi blòf ni nou pa defòme pawòl Bondye. Okontrè, nou anseye tout verite a. Konsa, nou prezante nou aklè devan konsyans lèzòm ak devan Bondye.


Men, limyè a montre aklè kijan bagay sa yo pa bon ditou.


Kris bay lavi li pou l ka mete legliz la apa pou Bondye. Li pirifye Legliz la lè l lave l ak dlo epi netwaye l fè l pwòp ak pawòl li.


Konsa tou, resevwa delivrans Bondye bay la tankou yon kas pou n mete nan tèt nou. Epi tou pran nepe Sentespri a, pawòl Bondye a menm.


Frè m ak sè m yo, se tout tan n ap di Bondye mèsi pou fason ou te resevwa mesaj Bòn Nouvèl la. Ou pa t pran l kòm pawòl yon nonm. Men ou te resevwa l egzateman pou sa l ye a: yon mesaj ki sòti nan Bondye k ap travay nan lavi moun ki kwè nan li.


Se pou Bondye fè w vin sen nèt ale. Se pou tout sa ou ye: lespri, nanm epi kò, kapab konsève san repwòch jouktan Jezi Senyè nou an vini.


Pa bliye lidè nou yo. Se yo ki te fè n konnen mesaj Bondye a. Sonje jan yo te viv lavi yo ak jan yo te mouri. Imite lafwa yo.


Bondye te deside ban nou lavi pa mwayen mesaj verite a. Li te vle pou nou pi enpòtan pou li pase tout sa li te kreye yo.


Paske nou fèt yon lòt fwa ankò. Nouvèl vi sa a pa soti nan sa k ap peri men nan sa k pa ka peri, granmesi pawòl Bondye ki vivan epi ki p ap janm pase.


Nan men dwat li, li kenbe sèt zetwal, epi nan bouch li, yon nepe soti. Pwent nepe a file epi li koupe nan de bò. Figi li t ap briye menm jan ak yon gwo solèy midi.


Te gen yon nepe byen file ki te soti nan bouch kavalye ki te monte sou cheval blan an pou l frape nasyon yo ki sou latè. L ap dirije yo ak yon baton an fè. L ap kraze rezen yo nan prèswa gwo kolè Bondye ki gen tout pouvwa a.


Nepe ki soti nan bouch kavalye a te touye sa k te rete yo, epi tout zwazo yo te vin manje kò yo.


Poutèt sa, ou dwe chanje atitid nèt. Sinon, talè m ap vini, m ap konbat yo, mwen menm, ak nepe ki nan bouch mwen an.


M ap touye moun k ap swiv li yo. Konsa, tout legliz yo va konnen sa moun panse ak sa moun santi. Pou nou tout, m ap fè chak moun pote konsekans aksyon li yo.


Apre sa, m wè plizyè twòn. Moun ki te chita sou yo te resevwa pouvwa pou jije. M wè moun yo te touye yo tou. Men rezon ki fè yo te touye yo: Yo te temwen Jezi epi yo t ap preche mesaj Bondye te ba yo. Yo pa t adore ni bèt la ni estati bèt la. Yo pa t pran mak li a ni sou fon yo, ni sou men yo. Yo menm, yo resisite epi y ap dirije ansanm ak Kris la pandan mil (1,000) an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite