Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 4:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Konsa, an nou fè tout sa ki depann de nou pou nou antre nan repo Bondye a. Wi, nou dwe fè tout sa ki depann de nou pou okenn nan nou pa pèdi nan swiv move egzanp moun ki te refize obeyi Bondye yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Ann fè jefò pou nou tout ka antre kote sa a. Se pa pou okenn nan nou dezobeyi Bondye tankou moun sa yo ki te la anvan nou te fè l la, pou nou pa pèdi chans antre kote sa a.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Konsa, annou fè dilijans pou antre nan repo sila a, pou okenn moun pa tonbe, nan swiv menm egzanp dezobeyisans lan.

Gade chapit la Kopi




Ebre 4:11
22 Referans Kwoze  

Depi lè Janbatis kòmanse preche pou jis jounen jodi a, wayòm Bondye a ap sibi gwo vyolans. Gen anpil moun k ap sèvi ak lafòs pou eseye kontwole l.


Antre nan ti baryè piti a! Gwo baryè a louvri sou yon chemen laj. Chemen sa a mennen toudwat nan pèdisyon. Anpil moun gen tan pran chemen sa a.


“Fè jefò pou nou antre nan pòt syèl la ki jis anpil, paske m ap di nou sa, anpil moun ap chache mwayen antre ladan l men yo p ap kapab.


Anvan Janbatis te vini, Bondye te toujou anonse pèp la pou yo viv lavi sou baz sa lalwa Moyiz la ansanm ak ekri pwofèt yo te di. Men, depi Janbatis fin vini an se Bòn Nouvèl Wayòm Bondye a k ap preche epi moun ap fè anpil jefò pou yo antre ladan l.


Men manje latè pa dire, yo gate fasil. Pa fè efò pou manje sa a, men travay pito pou nou jwenn manje ki va dire epi ki va bay lavi etènèl. Pitit Lòm nan va ban nou manje sa a. Se li menm sèl Bondye Papa a kalifye pou ban nou li.”


Pòl kontinye pale: “Wa Agripa, apre m fin wè yon vizyon kon sa ki sot nan syèl la, mwen obeyi.


Wi, se vre, lontan lavi nou te plen ak peche. Nou t ap viv jan lemonn viv. Nou t ap fè volonte lespri k ap dirije pouvwa mechan yo ki nan lè a. Se li menm k ap travay nan lavi moun k ap dezobeyi Bondye yo.


Pa kite okenn moun twonpe nou ak yon kantite manti. Se poutèt peche sa yo menm Bondye fache epi li pini moun ki pa vle obeyi l yo.


Zanmi m yo, nou toujou obeyi m nan sa m di nou lè mwen avèk nou. Kounye a mwen pa la, li pi enpòtan ankò pou nou fè sa m mande nou fè. Kontinye viv yon fason ki montre nou se moun sove vre. Fè sa ak anpil respè ak krentif pou Bondye.


Se bagay sa yo ki rale kòlè Bondye sou moun ki refize obeyi l yo.


Yo di yo konnen Bondye. Men, jan y ap viv nan fè sa ki mal, sa montre se pa vre. Se jan de moun sa yo Bondye rayi. Yo refize obeyi Bondye. Yo pa itil pou fè anyen ki byen.


Nou menm tou, nan tan pase yo, nou te aji kon moun fou. Nou te rebèl, egare, esklav yon bann bagay nou ta renmen genyen pou n jwi. Nou t ap viv nan fè sa ki mal poutèt jalouzi ak lanvi. Tout moun te rayi nou epi nou te rayi tout moun tou.


Frè m ak sè m yo, fè atansyon pou pa gen okenn moun nan mitan nou ki gen yon kè mechan, yon kè rebèl ki pou ta fè l vire do bay Bondye vivan an.


Ak ki moun Bondye t ap pale lè l te fè sèman pou di yo p ap janm antre nan plas repo li a? Li t ap pale ak tout sa yo ki te dezobeyi.


Poutan, okazyon pou kèk moun antre nan repo Bondye a epi jwi li toujou egziste. Moun ki te tande Bòn Nouvèl la anvan pa t antre nan repo a, poutèt dezobeyisans yo.


Nou swete volonte ak dezi nou genyen pou montre lanmou kontinye rete aktif pou tout rès lavi nou. Konsa, nou ka sèten esperans nou yo ap satisfè.


Bondye te pini vil Sodòm ak Gomò yo tou. Li boule yo tout tounen sann. Li fè vil sa yo sèvi egzanp pou sa k gen pou rive pèp ki kont Bondye yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite