Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 2:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Bondye kore mesaj la ak tout kalite prèv tou tankou siy ekstrawòdinè, mèvèy, ak tout kalite mirak. Anplis, li bay tout kalite don, selon pwòp volonte l pa mwayen Sentespri a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Anmenmtan an tou, Bondye te fè anpil siy, anpil bèl bagay ak anpil mirak pou fè wè sa moun sa yo t'ap di a se te vre. Li separe kado Sentespri a bay moun jan l vle.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Bondye, osi, te pote temwayaj a yo menm, pa sign, pa mèvèy, pa plizyè mirak e pa don Lespri Sen yo selon pwòp volonte pa Li.

Gade chapit la Kopi




Ebre 2:4
18 Referans Kwoze  

Apot yo ale epi yo preche toupatou. Senyè a te avèk yo. Li t ap konfime mesaj yo t ap preche a avèk mirak ki te akonpanye yo.


Wa Ewòd tande tout bagay sa yo paske Jezi te vin popilè anpil. Te gen kèk moun ki t ap di: “Nonm sa a pa ka lòt moun sinon Janbatis. Se paske li resisite ki fè li gen pouvwa pou l fè tout gwo mirak sa yo.”


Lè konsolatè a va vini, moun m ap voye soti lakay Papa a, Lespri verite Papa a ap voye a, l ap rann temwanyaj pou mwen.


Alò, Jezi di li: “Nou menm, tout tan nou pa wè gwo mirak ak mèvèy nou p ap janm kwè.”


Pòl ak Banabas rete Ikonyòm pandan yon bon bout tan ankò. Yo pwoklame mesaj konsènan favè Bondye a avèk anpil konviksyon. Senyè a bay Pòl ak Banabas pouvwa pou fè anpil bèl bagay ak anpil mirak pou l montre sa yo t ap anonse a se vre.


Enben se pou nou tout ki la a, ansanm ak tout pèp Izrayèl la, se pou nou konnen se nan non Jezikris, nonm Nazarèt, la li geri. Nou te klouwe l sou kwa a, men Bondye fè l leve soti vivan nan lanmò. Se poutèt pouvwa Jezikris nonm sa a kanpe an sante devan nou jodi a.


Nou menm k ap pale avèk ou la a, nou se temwen tout bagay sa yo. Sentespri a Bondye bay tout moun ki chwazi obeyi l yo, li kapab jistifye tout bagay sa yo tou.”


Se sa k fè, depi byen lontan, li deside l ap adopte nou kòm pitit li pa mwayen Jezikris. Li fè sa pou bon plezi pa l.


Se te yon plan sekrè Bondye te genyen byen lontan pou l te reyalize pa mwayen Jezikris. Kounye a, li fè nou konnen sa.


Kris la bay nou chak yon kado espesyal selon jan li te deside bay li.


Lè moun kite chemen Kris la, ki lòt bagay ou ka fè ankò pou fè yo chanje lavi yo? M ap pale de moun ki gen tan aprann verite a, moun ki gen tan resevwa don Bondye, moun ki gen tan patisipe nan Sentespri a. Yo gentan tande mesaj la epi yo gentan wè puisans li k ap aji nan lemonn. Men, apre sa, yo vire do bay tout bagay. Li enposib pou fè moun kon sa chanje ankò. Moun ki rejte Kris la se klouwe y ap klouwe l sou kwa a ankò, se wont y ap fè li wont devan tout moun.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite