Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Ebre 2:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Konsa, se yon bagay ki sèten, si nou neglije kalite delivrans Bondye ap ofri nou jodi a, n ap jwenn pinisyon pou sa tou. Delivrans sa a, se Senyè a menm ki te anonse l an premye. Epi moun ki te tande l yo bay prèv se yon mesaj ki chita sou verite a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Konsa tou, si nou menm nou meprize yon gwo delivrans tankou sa a, nanpwen chape pou nou. Premye moun ki te fè konnen delivrans sa a se Senyè a menm. Apre sa, moun ki te tande l yo, se yo ki te fè nou konnen jan delivrans sa a gen anpil valè.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 kòman nou va chape si nou neglije yon gran sali konsa? Aprè sa te fin pale pa Senyè a, li te vin konfìme pou nou pa sila ki te tande yo.

Gade chapit la Kopi




Ebre 2:3
42 Referans Kwoze  

Fè atansyon epi pa fè tèt di lè Bondye pale. Moun yo ki te refize koute Bondye yo pa t chape anba pinisyon an. Pou nou menm, se depi nan syèl la Bondye ap pale avèk nou. Si nou vire do ba li, bagay la ap pi mal pou nou toujou.


Men, poutèt ou fè menm bagay ak moun ou kondane yo, ou konnen Bondye p ap manke pini w tou. Kòman ou ta panse pou w ta chape anba jijman Bondye?


Sa fè l tounen yon granprèt ki san defo. Li fè pwovizyon pou tout moun ki obeyi l jwenn yon delivrans ki la pou tout tan.


Pa gen delivrans nan pyès lòt moun, eksepte nan Jezi sèlman. Paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre moun. Se Jezi sèl ki ka delivre nou.”


Konsa, an nou fè tout sa ki depann de nou pou nou antre nan repo Bondye a. Wi, nou dwe fè tout sa ki depann de nou pou okenn nan nou pa pèdi nan swiv move egzanp moun ki te refize obeyi Bondye yo.


Men kounye a Bondye pale ak nou pa mwayen Pitit la nan dènye jou sa yo. Se pa mwayen Pitit la Bondye te kreye tout bagay. Anplis, Bondye bay Pitit la tout sa li genyen.


Yo rapòte nan dokiman sa yo tout temwanyaj ki soti nan bouch moun ki te temwen sa k te pase yo, epi ki vin tounen predikatè pawòl Bondye.


Yo t ap rele byen fò, yo t ap di: “Viktwa a se pou Bondye nou an li ye, li menm ki chita sou twòn nan, ansanm avèk Ti Mouton an.”


Se kon sa nou ta dwe viv, paske Bondye fè gras li parèt klè, gras sa a se sous delivrans pou tout moun.


Mesaj sa a se verite a, nou dwe resevwa l san ezite: Jezikris te vin nan lemonn pou l sove pechè yo. Mwen menm, mwen se premye nan yo.


Bann ras vipè! Ki jan nou fè mete nan tèt nou n ap rive chape toumant lanfè a?


Antouka, pwomès Bondye te fè a toujou valab pou nou ka antre nan plas repo li a. Konsa, an nou pran anpil prekosyon pou nou pa rate pwomès sa a.


Nou menm moun Izrayèl, koute byen sa m pral di nou an: Jezi, moun Nazarèt la, se te yon moun Bondye te voye. Bondye te fè nou wè sa pa mwayen tout mirak, tout mèvèy ak tout siy li te ba l pouvwa fè nan mitan nou. Se bagay nou tout konnen trè byen.


Yon moun ki te ak nou depi lè Janbatis t ap batize moun nan, jouk rive lè Jezi te kite nou li monte nan syèl la. Fòk li se yon temwen rezireksyon Kris la tou, pou l vin met tèt ansanm avèk nou menm apot yo.


Nou menm tou, n ap sèvi m temwen, paske depi nan kòmansman nou te avè m.


Epi Jezi di yo: “Ki sa k pase menm?” Yo reponn li: “Tout sa k te rive Jezi, moun Nazarèt la! Se te yon gran pwofèt, ni devan Bondye, ni devan lèzòm. Li te fè anpil bèl bagay epi li te pale byen tou.


Apre yo fin mete Jan nan prizon, Jezi al Galile, li kòmanse preche Bòn Nouvèl Bondye a.


Lè moun ap di: “Nou gen lapè ak sekirite,” se lè sa a malè pral tonbe sou yo sanzatann, menm jan ak lè tranche pran yon fanm ansent, yo p ap gen okenn mwayen pou yo evite soufrans la.


Li ban nou yon Sovè ki gen anpil puisans ki soti nan branch fanmi sèvitè li David.


Depi lè sa a, Jezi te kòmanse preche mesaj li a. Li t ap di moun yo: “Chanje direksyon lavi nou, paske wayòm Bondye a rive sou nou.”


M ta byen kontan fè moun ras jwif parèy mwen yo jalou pou m ta rive ede yo sove.


Wi, sajès lèzòm pa gen kapasite pou rekonèt sajès Bondye. Se poutèt sa nan sajès li Bondye deside sèvi ak yon mesaj ki parèt san sans pou l sove tout moun ki kwè.


Nan tan pase yo, Bondye te pale ak zansèt nou yo pa mwayen pwofèt yo. Li te pale divès fason ak plizyè fwa.


Èske zanj yo se pa espri ki nan sèvis Bondye yo ye? Bondye voye yo pou vin ede moun ki gen pou resevwa delivrans lan.


Menm jan an tou Kris ofri tèt li kòm sakrifis yon fwa pou tout, pou li kapab efase peche anpil moun. Li gen pou l parèt yon dezyèm fwa, men se pa pou l vin ofri tèt li pou peche, men pou l pote delivrans bay moun ki ap tann li kòm yon sakrifis.


Nou vle pale w de Pawòl ki bay lavi a, sila a ki te la okòmansman an. Se li menm nou te tande epi nou te wè ak pwòp je nou. Nou te wè kijan l te aji, epi men nou te touche l.


Men ou menm, byeneme, se pou w sonje sa apot Jezikris, Senyè nou an te di ki gen pou vini.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite