Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 13:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Tout moun dwe onore maryaj. Mari ak madanm dwe rete fidèl youn anvè lòt. Bondye ap jije tout moun ki komèt adiltè, ak lòt peche seksyèl.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Maryaj se yon bagay tout moun dwe respekte anpil. Moun ki marye yo dwe rete fidèl yonn ak lòt. Bondye gen pou jije moun k'ap mennen movèz vi yo ansanm ak moun k'ap fè adiltè yo.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Maryaj dwe kenbe ak gwo respè pami tout moun, e kabann maryaj la dwe rete san souye; paske Bondye ap jije fònikatè ak adiltè yo.

Gade chapit la Kopi




Ebre 13:4
33 Referans Kwoze  

Mwen di nou, evite peche seksyèl. Gen moun ki di “Peche se yon bagay ki konsènen kò a sèlman.” Gen lòt moun ki di “Moun ki ale lakay yon pwostitye se kont pwòp kò l li peche.


Se konnen nou pa konnen moun k ap fè moun mal pa gen plas yo nan wayòm Bondye a? Pa twonpe tèt nou: moun ki pa ka kontwole apeti seksyèl, moun k ap adore zidòl, adiltè, moun k ap fè abi seksyèl sou lòt moun,


Yon nonm ki marye fè byen. Yon nonm ki pa marye fè pi byen toujou.


Èske n pa gen dwa pou n ta gen yon sè kwayan kòm madanm, tankou lòt apot yo, tankou frè Senyè yo oswa tankou Pyè?


Nou tout gen pou parèt devan tribinal Kris la. Chak moun gen pou resevwa rekonpans pa yo selon aksyon te komèt, swa byen swa mal, jan yo t ap viv pandan yo te nan kò sa a.


Sa moun toujou vle fè an jeneral, se yon bagay ki klè: Se imoralite seksyèl, se bagay ki sal, se libètinaj,


Se lanvi, bwè tafya, banbòch ak yon bann lòt bagay ankò. Mwen te deja di nou sa, m ap repete l ankò: Moun k ap komèt bagay sa yo se moun ki p ap antre menm nan wayòm Bondye Papa a.


Nou mèt sèten, moun k ap viv tankou moun k ap sèvi zidòl, yo p ap kapab antre nan wayòm Bondye ak Kris la: moun ki pote lanvi sou zafè lòt moun, se tankou moun k ap sèvi zidòl; moun ki sal tèt yo nan komèt imoralite seksyèl andeyò mariyaj, se tankou moun k ap sèvi zidòl.


Piga nou fè frè ak sè nou yo mal oubyen twonpe yo nan zafè seksyèl. Se pa premye fwa n ap di ou sa, men n ap repete l ankò: Bondye ap pini tout moun ki komèt peche sa yo.


Moun ki dyak yo, se moun ki fidèl ak madanm yo epi se pou yo kapab dirije timoun yo byen, ansanm tout fanmi yo.


Men, fòk lidè a san defo. Li dwe fidèl ak madanm li. Li dwe kontwole tèt li byen epi reflechi byen sou jan l ap mennen lavi l. Li dwe gen koutwazi lakay li. Li dwe prèt pou l akeyi moun epi ede yo. Li dwe kapab anseye byen.


Se pou l yon moun ki dirije kay li byen, epi se pou timoun li yo gen volonte pou obeyi, nan diyite.


Y ap preskri pou moun pa marye, pou yo pa manje kèk nan manje Bondye fè pou kwayan yo manje avèk remèsiman ansanm avèk moun yo ki konnen verite a.


Poutèt sa, mwen vle pou jèn vèv yo marye, fè pitit, epi pou yo pran swen kay yo. Si yo fè sa konsa, lènmi nou yo p ap jwenn anyen mal pou yo di sou nou.


Gade si w jwenn moun ki pa gen repitasyon moun ki nan sa ki mal, ki gen yon sèl madanm, ki gen ti moun ki kwè epi ki pa gen dosye debòch ni dosye rebelyon.


Fè atansyon pou pèsonn nan mitan nou pa tonbe nan peche seksyèl. Se pou nou gen respè pou bagay sakre. Pa fè tankou Ezayi, ki vann dwa premye pitit li te genyen an jis pou yon plat manje.


Yo va rete deyò, bann chen yo, moun k ap fè sòsye yo, moun ki imoral yo, asasen yo, moun k ap adore zidòl yo, ansanm ak tout moun ki pran plezi yo nan bay manti.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite