Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 13:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Se pou nou kontinye renmen youn lòt tankou frè ak sè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Se pou nou toujou yonn renmen lòt tankou frè k'ap viv ansanm nan Kris la.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Kite lanmou pou frè yo kontinye.

Gade chapit la Kopi




Ebre 13:1
30 Referans Kwoze  

Sa mwen pase nou lòd pou n fè se pou nou renmen youn lòt.


Lè jou Pannkot la te rive, tout disip yo te rasanble ansanm menm kote.


Tout moun ki te mete konfyans yo nan Jezi yo te fè yon sèl. Yo te gen menm panse nan tèt yo epi yo te gen menm santiman youn pou lòt. Pèsonn pa t di byen l te genyen se te pou li sèlman. Okontrè, tout sa youn te genyen te pou tout moun.


Frè m ak sè m yo, Bondye rele nou pou nou ka viv tankou moun ki lib. Sèlman, se pa pou nou kite libète sa a sèvi pretèks pou nou viv nan dezòd. Okontrè, nan pratike lamou, se pou nou viv tankou youn se esklav lòt.


Okontrè, men ki fwi Sentespri a pwodui nan lavi moun: lamou, lajwa, lapè, pasyans, bon kè, byenveyans, lafwa,


Paske lè yon moun nan Jezikris, menm si l sikonsi, menm si l pa sikonsi, sa pa vle di anyen. Sa ki enpòtan se lafwa, kalite lafwa ki manifeste nan lamou.


Se Sentespri Bondye a ki mete nou tout kwayan yo ansanm nan yon sèl kò. Fè tout efò nou pou nou kenbe inite sa a nan lapè youn ak lòt.


An n mennen yon lavi ki ranpli ak lanmou. An n renmen lòt moun yo, menm jan Kris la renmen nou. Li te bay lavi l pou nou tankou yon ofrann, yon sakrifis yo ofri bay Bondye epi ki fè Bondye plezi ak bon sant li.


Nou toujou di Bondye mèsi pou ou. Se sa nou dwe fè, paske lafwa ak lanmou ou ap grandi pi plis chak jou. Wi, se rezon sa a menm ki fè nou gen remèsiman nan kè nou, paske lanmou nou genyen nan kè nou youn pou lòt, nan Tesalonik, ap grandi tou.


An nou chache tout jan nou ka ankouraje youn lòt pou n pratike renmen epi fè bon zèv.


Kounye a nou gentan vin pwòp paske nou obeyi verite a pou nou ka gen yon lanmou fratènèl ki sensè, alò se pou n renmen youn lòt ak tout fòs nou, ak tout kè nou.


Respekte tout moun. Renmen frè ak sè nou nan Kris la. Gen krentif pou Bondye, onore wa a.


Pou fin i, se pou nou gen menm santiman youn pou lòt. Se pou nou youn renmen lòt tankou frè ak sè. Se pou nou gen dousè, epi se pou nou saj.


Sa k pi enpòtan nan tout sa, se pou nou youn renmen lòt anpil, paske lanmou fè nou jwenn padon pou anpil peche.


mete jantiyès pou frè ak sè an Kris yo sou devouman nou pou Bondye; epi mete lanmou sou jantiyès nou pou frè ak sè an Kris yo.


Men sa Bondye bay lòd pou n fè: Se pou n kwè nan Pitit li a, Jezikris, epi se pou n renmen youn lòt, jan Kris la ban nou lòd pou n fè sa.


Si yon moun di: Mwen renmen Bondye epi li rayi frè li, se yon moun k ap bay manti, paske moun ki pa renmen frè l li wè, li pa kapab renmen Bondye li pa wè.


Men sa m genyen kont ou, se paske ou pèdi premye amou ou te genyen okòmansman an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite