Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 12:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Dayè, nan batay n ap mennen kont peche a, nou pako rive nan pwen kote lanmò se sèl bon chwa ki rete.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Paske nan batay n'ap mennen kont peche a, nou poko goumen jan nou ta dwe jouk pou nou ta mouri.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Nou poko reziste jis rive pou rann san nan lit nou kont peche.

Gade chapit la Kopi




Ebre 12:4
12 Referans Kwoze  

Lè sa a, y ap livre nou bay moun ki pral tòtire nou, epi touye nou. Kote nou pase sou latè, y ap rayi nou, paske nou se disip mwen.


Pa okenn tantasyon k ap parèt devan w ki pa t gen tan parèt devan lòt moun. Epi, Bondye fidèl. Li p ap kite w tante plis pase sa w kapab sipòte. Okontrè depi tantasyon an parèt, li gen tan fè chemen pou w kapab soti ladan.


Li chwazi soumèt li anba otorite Bondye, li obeyi Bondye jouk nan lanmò li. Se pa nenpòt kalite lanmò, men se te lanmò sou yon kwa.


Nou pa dwe janm retire je nou sou Jezi. Lafwa nou depann de li depi nan kòmansman rive nan fin isman. Jezi t aksepte mouri sou lakwa. Men li t aksepte tout wont ki mache ak kalite lanmò sa a kòmsi se pa t anyen, malgre rejwisans li te wè ki rezève pou li. Kounye a, li chita nan plas donè ki adwat twòn Bondye a.


Alò, an nou soti al jwenn Jezi deyò kan an. An nou pote menm chay lawont li te pote a.


Yo ranpòte laviktwa sou li gras ak pouvwa san sakrifis Ti Mouton an ansanm ak mesaj Bondye a yo t ap pote bay moun yo. Yo pa t renmen pwòp tèt yo twòp pou ta fè yo pè lanmò.


M gade, m wè fanm nan te sou. Li te sou avèk san pèp Bondye a li te bwè. Li sou avèk san moun k ap rann temwanyaj pou Jezi yo. Lè m te wè fanm nan, mwen te sezi anpil.


Ou koupab nan lanmò anpil pwofèt, ou fè san pèp Bondye a koule ansanm ak tout lòt moun yo touye sou latè.”


Mwen byen konnen ki kote w ap viv. Ou ap viv kote Satan gen twòn li a. Men ou kenbe fèm avè m. Ou toujou kenbe lafwa nan mwen, menm nan tan Antipas, se te yon temwen fidèl pou mwen, yo touye l nan menm zòn ou ye a, zòn kote Satan ap viv la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite