Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




3 Jan 1:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Mwen swete tout bagay ap mache byen pou ou, menm jan nanm ou gen bon sante a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Gayis monchè, mwen swete tout bagay ap mache byen pou ou. Mwen swete ou an sante nan kò ou tankou ou an sante nan lespri ou.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Byeneme a, mwen priye nan tout aspè ke afè ou mache byen, epi ke ou toujou an bòn sante, menm jan ke nanm ou se an bòn sante.

Gade chapit la Kopi




3 Jan 1:2
19 Referans Kwoze  

Lè Jezi tande sa, li di: “Moun ki an sante pa bezwen doktè. Se moun ki malad ki bezwen doktè.


Se vre li te malad, li te menm prèske mouri. Men Bondye gen mizerikòd pou li. Se pa pou li sèlman, men pou mwen tou, kon sa pou m pa ta gen lapenn sou lapenn.


Okenn moun pa ta dwe gade enterè pa l sèlman, men nou ta dwe panse ak enterè lòt moun tou.


Nou toujou di Bondye mèsi pou ou. Se sa nou dwe fè, paske lafwa ak lanmou ou ap grandi pi plis chak jou. Wi, se rezon sa a menm ki fè nou gen remèsiman nan kè nou, paske lanmou nou genyen nan kè nou youn pou lòt, nan Tesalonik, ap grandi tou.


Men nou dwe toujou di Bondye mèsi pou ou menm, frè m ak sèm yo, nou menm Senyè renmen. Wi, Bondye chwazi nou pami premye moun ki pou sove yo. Bondye sove nou paske Sentespri a fè nou kapab adore Bondye sèlman epi kwè nan verite a.


Frè m ak sè m yo, nou pa dwe ap sèmante. Pa pran kòm temwen ni syèl la, ni tè a oubyen yon lòt bagay. Lè se wi, di sèlman wi, lè se non, di sèlman non. Lè sa a, Bondye p ap gen pou jije w.


Sa k pi enpòtan nan tout sa, se pou nou youn renmen lòt anpil, paske lanmou fè nou jwenn padon pou anpil peche.


Se pou n grandi nan lafwa ak nan konesans nou genyen nan Senyè ak Sovè nou Jezikris. Se pou Senyè a tout glwa ye pou tout tan gen tan! Amèn.


Se mwen menm, Ansyen an, k ap salye w, Gayis, zanmi byeneme m nan.


Mwen konnen pwoblèm ou yo, epi m konnen ou pòv, men anreyalite ou rich! Moun ki di yo se Jwif, poutan se pa vre, mwen konnen ki valè ensilte yo ensilte w. Se yon gwoup moun pou Satan yo ye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite