Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Timote 3:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Yo p ap gen kè sansib pou pèsòn, y ap san pitye, y ap pale moun mal. Yo p ap kapab kontwole tèt yo ankò, y ap kriminèl, y ap drese yo kont tou sa ki byen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Kè yo ap di, y'ap san pitye, y'ap pale moun mal, y'ap fè gwo kòlè, y'ap brital. Yo p'ap vle wè sa ki byen menm.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 san lanmou, san kapasite pou antann yo, medizan san kontwòl tèt yo, brital, moun ki rayi sa ki bon,

Gade chapit la Kopi




2 Timote 3:3
31 Referans Kwoze  

Frè pral leve kont pwòp frè yo. Y ap livre yo bay lòt moun pou yo touye. Papa pral livre pwòp pitit yo bay lòt moun pou yo touye. Pitit pral leve kont pwòp paran yo epi touye yo.


Apre sa, Sentespri a te mennen Jezi nan dezè a pou dyab la te ka tante l.


Nenpòt moun ki obeyi pawòl nou, se mwen menm li obeyi. Nenpòt moun ki rejte nou, se mwen menm li rejte. Nenpòt moun ki rejte m, se moun ki voye m nan li rejte.”


Farizyen yo t ap koute tout sa Jezi t ap di yo. Men, yo te pase Jezi nan betiz paske yo menm yo renmen lajan.


Jezi reponn: “Se mwen menm ki chwazi nou douz la. Men gen youn nan nou se yon move lespri li ye.”


Yo plen ak tout kalite enjistis. Yo fè sa ki mal, yo pote anvi sou bagay ki pa pou yo. Yo mechan, yo plen ak jalouzi. Yo fè kont ak moun, yo touye moun. Yo twonpe moun, yo bay manti sou yo epi yo vle fè moun mal.


yo pa gen bon konprann, yo pa kenbe pwomès yo, yo pa montre okenn jantiyès, yo san pitye pou lòt moun.


Mari ak madanm pa dwe refize fè sèks youn ak lòt. Sèlman, nou ka antann nou alavans pou fè yon ti kanpe sou afè sèks pou nou pase tan nan lapriyè. Touswit apre, retounen ansanm pou Satan pa pwofite pwen fèb nou pou tante nou.


Men si nou pa ka kontwole kò nou, se pou nou marye. Li pi bon pou nou marye olye anvi seksyèl limen boukan dife nan kò nou.


Konsa nenpòt moun ki pase pawòl sa yo anba pye, se pa yon nonm l ap meprize men se Bondye, li menm ki ban nou Sentespri a.


Se menm bagay pou medam yo tou. Yo dwe moun ki fè respè yo. Yo pa dwe nan pale moun mal. Yo dwe moun ki kontwole tèt yo byen, moun yo fè konfyans nan tout bagay.


Men se pou l renmen resevwa moun lakay li, se pou l renmen sa ki byen, moun ki gen bon konprann, moun ki jis, moun konsakre pou Bondye, moun ki kenbe tèt yo byen.


Anseye madanm ki granmoun yo tou, yo dwe viv jan moun k ap sèvi Bondye dwe viv. Yo pa dwe ap mache di move bagay sou lòt moun. Yo pa dwe esklav alkòl. Yo dwe anseye byen.


Men ou menm, ou meprize pòv yo! Poutan, ki moun k ap kraze w? Ki moun k ap trennen w devan tribinal yo? Se moun rich yo, pa vre?


Je yo ap gade toupatou kote yon fi ap soti. Yo toujou anvi komèt peche konsa. Yo atire moun ki fèb pou fè yo tonbe nan peche. Se yon bann moun ki gen lanbisyon pou lajan. Yo anba malediksyon.


Fo doktè sa yo ap pwomèt moun liberasyon, poutan yo menm, yon bann plezi peche domine yo epi fè yo vin esklav.


Li enpòtan pou n konnen kijan sa pral pase nan dènye tan an. Se nan rizib moun pral pase nou, poutèt ansèyman nou te resevwa a. Yo pral kontinye viv nan move bagay sal yo vle fè yo.


Moun sa yo pa janm satisfè. Yo toujou ap plenyen. Y ap mache selon move dezi yo genyen yo. Y ap fè yon bann diskou plen ak ògèy. Lè yo felisite moun, se enterè ki pouse yo.


Yo te di: “Nan dènye tan yo, pral gen moun k ap pase Bondye nan betiz epi y ap viv jan yo vle nan swiv move tandans kè yo.”


Dezyèm bèt la te jwenn pouvwa pou l mete lavi nan estati premye bèt la, pou fè l pale epi pou fè touye tout moun ki pa ta vle adore l.


Pou yon moun vann oubyen achte yon bagay, fòk li pote mak sa a: Mak sa a, sete non bèt la oubyen nimewo non l.


Paske moun yo te fè san koule, san moun ki apa pou yo ansanm ak pwofèt ou yo. Kounye a ou ba yo san pou yo bwè. Se sa yo merite.”


M gade, m wè fanm nan te sou. Li te sou avèk san pèp Bondye a li te bwè. Li sou avèk san moun k ap rann temwanyaj pou Jezi yo. Lè m te wè fanm nan, mwen te sezi anpil.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite