Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Timote 3:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Lèzòm ap vin egoyis, zanmi lajan. Yo pral vante tèt yo, y ap ògeye epi yo pral ensilte Bondye. Yo p ap obeyi paran yo ankò, yo p ap kapab remèsye moun ankò. Y ap vin drese yo kont tou bagay ki fè Bondye plezi yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Moun pral fè rayisab, y'ap renmen lajan, y'ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y'ap pale Bondye mal, y'ap dezobeyi papa ak manman yo, y'ap engra, y'ap san okenn respè pou bagay Bondye.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Paske lèzòm va renmen pwòp tèt yo renmen lajan, ògeye, awogan, blasfematè, dezobeyisan a paran yo, engra, san lafwa,

Gade chapit la Kopi




2 Timote 3:2
43 Referans Kwoze  

li pa gen okenn obligasyon pou ede paran l yo. Konsa tradisyon nou yo vin pi enpòtan pase pawòl Bondye.


Apre sa Jezi di foul la, “Fè atansyon pou dezi pou gen anpil bagay pa pran tèt nou, paske se pa pakèt byen yon moun posede k ap fè lavi li long.”


Farizyen yo t ap koute tout sa Jezi t ap di yo. Men, yo te pase Jezi nan betiz paske yo menm yo renmen lajan.


Men, se pou nou renmen lènmi nou yo, epi fè byen pou yo. Prete moun san nou pa met espwa y ap renmèt nou sa nou prete yo a. Konsa, rekonpans nou va gran. N a pitit Bondye ki pi wo nan syèl la. Paske li menm li bon anvè ni moun ki san rekonesans yo, ni mechan yo.


Nou sonje, pa twò lontan, yon nonm ki te rele Tedas ki te parèt ap pran pòz li se kichòy. Te gen katsan (400) moun ki te met tèt ansanm ak li. Men Tedas mouri epi gwoup la gaye. Mouvman an tou mouri mouri l tou.


pa fè lwanj tèt ou pou w pa panse ou pi bon pase branch sa yo ki te koupe mete a kote. Si ou santi w fyè, pa bliye, se pa ou ki bay rasin yo manje, se rasin yo ki ba ou manje.


Li te mouri pou tout moun, poutèt pou moun k ap viv pa viv pou pwòp tèt pa yo ankò. Li te mouri pou yo epi li resisite pou yo ka viv pou li.


Paske tout lòt moun yo ap fè sousi pou pwòp tèt yo, se pa enterè Kris y ap chache.


Se poutèt sa, fè seri bagay latè sa yo disparèt nan lavi nou: imoralite, bagay sal, anvi pou fè sa ki mal, lanvi pou ramase lajan, ki se menm bagay ak adore zidòl.


Malfèktè sa a ap leve kanpe pou mete tèt li pi wo pase tout sa moun adore oubyen panse yo dwe adore. Li gen pou l menm antre nan tanp Bondye a, l ap chita sou twòn nan epi l ap pwoklame li se Bondye.


Pami moun sa yo, nou jwenn Imene ak Aleksann. Mwen livre yo bay Satan. Konsa, yo va aprann pou yo pa ensilte Bondye.


Nou konnen tou, lalwa pa fèt pou moun k ap fè zafè yo jan Bondye vle. Li fèt pou rebèl ki kont regleman yo epi ki refize obeyi yo. Li fèt pou moun k ap fè peche, ki pa renmen Bondye ni bagay ki fè Bondye plezi. Li fèt pou moun k ap touye manman ak papa yo ak pou moun k ap asasinen moun.


Li pa dwe bwè twòp alkòl dekwa pou l sou, li pa dwe yon moun ki vyolan. Men li dwe kapab antann li ak moun, li dwe ap chache simen lapè kote l pase, li pa dwe twò renmen lajan.


Lanmou pou lajan lakoz tout kalite move bagay. Gen kèk moun ki gen tan ale byen lwen lafwa, paske yo toujou vle gen plis lajan. Men yo mete pwòp tèt yo nan anpil latwoublay.


Yo fyè pou sa yo konnen, poutan, yo pa konprann anyen. Yo gen maladi fè diskisyon ak fè kont ak moun pou ti mo. Se sa ki lakoz lanvi, moun k ap fè kont, pale moun mal, ak sispèk moun pou anyen.


Zanmi pral trayi zanmi, y ap vyolan, ògèy ap bouche je yo pou yo pa wè. Y ap pi renmen plezi pase Bondye.


Bib la di: “Renmen pwochen w menm jan ou renmen pwòp tèt ou.” Sa a, se lalwa k ap gouvène tout lòt lwa yo. Si ou fè sa, ou aji byen.


Poutan, ou ògeye, ou pretansye. Lè w ap lwanje tèt ou konsa, se pa bon ditou.


Men, gras Bondye fè nou an pi gran toujou. Paske Bib la di: “Bondye opoze ak ògeye yo, men li fè moun ki enb yo gras.”


Jenn jan, m ap pale avè nou tou. Nou dwe aksepte otorite ansyen yo. Nou pa dwe gen lògèy nan relasyon nou youn ak lòt. “Bondye kanpe kont moun ki gen lògèy, men moun ki rekonèt yo piti, li fè yo gras.”


Pinisyon sa a se pou moun ki toujou ap swiv move dezi feblès lèzòm nan lachè yo, pou moun ki rayi otorite Bondye. Yo fè sa yo vle, epi yo gen fyète pou pwòp tèt yo. Yo pa pè anyen, yo pa menm pè di move pawòl kont kreyati ki gen anpil glwa.


Men fo doktè sa yo, yo di move pawòl sou bagay yo pa konnen. Yo sanble ak zannimo ki pa gen bon konprann, ki pran nan pyèj yo pare pou touye yo. Y ap peri nan pye travay yo.


Y ap fè gwo diskou plen ak yon bann gwo mo ki pa menm gen sans. Se kon sa y al jwenn moun ki te fenk fin vire do bay lavi peche yo t ap mennen epi yo fè yo retounen nan peche ankò. Pou yo rive fè sa, yo sèvi ak move bagay moun renmen fè nan feblès lachè yo, bagay ki fè moun wont.


Fo doktè sa yo, se lajan ase yo vle fè. Poutèt sa, y ap sèvi avè n epi rakonte nou yon bann istwa ki pa verite a. Pou moun sa yo, jijman yo pare lontan deja, kondanasyon yo p ap dòmi.


Moun sa yo pa janm satisfè. Yo toujou ap plenyen. Y ap mache selon move dezi yo genyen yo. Y ap fè yon bann diskou plen ak ògèy. Lè yo felisite moun, se enterè ki pouse yo.


Apre sa, m wè yon bèt monte soti nan lanmè a. Li te gen dis kòn ak sèt tèt. Te gen yon kouwòn sou chak kòn. Epi sou chak tèt te gen yon non pou joure Bondye.


Yo t ap joure Bondye ki nan syèl la, poutèt soufrans yo ak maleng yo, men yo refize chanje kè yo pou yo ta vire do bay move zak y ap komèt yo.


Anpil gwo grenn lagrèl te pran tonbe sou moun yo. Grenn lagrèl yo te peze prèske 40 kilo. Epi moun yo te pran joure Bondye poutèt kalamite lagrèl la. Se te yon kalamite avèk vyolans tèrib.


Lè sa a, moun sou latè te boule ak yon chalè tèrib. Men, olye pou yo ta repanti epi bay Bondye glwa, se joure yo te pran joure non Bondye ki gen pouvwa sou kalamite sa yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite