2 Timote 1:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil9 Bondye sove nou epi li rele nou pou n vin yon pèp apa pou li. Li pa fè sa poutèt sa nou te fè, men se paske li deside l konsa. Se yon don gratis li fè nou nan Jezikris, anvan menm lemonn te egziste. Gade chapit la1998 Haïtienne9 Se Bondye ki delivre nou, se li menm ki rele nou pou n ka viv pou li. Li pat fè sa pou nou poutèt byen nou te fè. Non, sa sòti nan plan travay li menm. Se yon favè li fè nou nan Jezikri, depi lontan anvan li te kreye tout bagay. Gade chapit laBib Sen An: Kreyòl Ayisyen9 ki te sove nou e te rele nou avèk yon apèl ki sen, pa selon zèv nou yo, men selon pwòp bi ak gras pa L, ki te bay a nou menm nan Kris Jésus depi tout letènite, Gade chapit la |
Nan menm moman an tou, Sentespri a te fè Jezi santi l kontan anpil, epi Jezi di: “Mwen louwe non ou, Papa, Senyè syèl la ak tè a, dèske ou te kache tout bagay sa yo devan je nèg save yo ak moun lespri yo. Alòske ou revele yo bay ti piti sa yo ki pa reprezante gran choz. Wi, Papa, sa fèt kon sa paske se kon sa menm ou te vle li.”
Bèt ou wè a, yon tan li te egziste, men li pa egziste ankò. Li gen pou l monte sot nan twou san fon an epi y ap detwi l. Moun k ap viv sou latè va sezi lè yo va wè bèt la, paske gen yon lè l te vivan, li te vin p ap viv ankò, epi li gen pou l vini ankò. Moun sa yo, se moun ki pa t janm gen non yo ekri nan liv lavi a depi mond lan te kòmanse.