Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Timote 1:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Konsa, ou pa dwe wont rann temwanyaj pou Senyè nou an. Epi, pa wont pou mwen tou ki nan prizon poutèt Senyè a. Men, soufri avèk mwen pou Bòn Nouvèl la, avèk puisans Bondye.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Ou pa bezwen wont kanpe pale pou Senyè nou an. Ou pa bezwen wont pou mwen nonplis ki nan prizon pou tèt li. Okontrè, avèk fòs kouray Bondye ap ba ou a, se pou ou asepte soufri avè m pou bòn nouvèl la.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Konsa pa fè wont de temwayaj Senyè nou an, ni mwen menm nan, prizonye Li a, men vin jwenn ansanm avè m nan soufrans pou levanjil la selon pouvwa Bondye a,

Gade chapit la Kopi




2 Timote 1:8
48 Referans Kwoze  

Nenpòt moun ki wont di li ak mwen, nan tan pèvès, plen ak peche sa a, ki wont pale pawòl mwen, mwen menm tou m ap wont li lè m retounen ak tout bèl laglwa mwen, ak bèl laglwa papa m ansanm ak anj li yo.


Nenpòt moun ki wont di li ak mwen, ki wont pale pawòl mwen, mwen menm tou m ap wont li lè m retounen ak tout bèl laglwa mwen, ak bèl laglwa papa m ansanm ak anj li yo.


Nou menm tou, n ap sèvi m temwen, paske depi nan kòmansman nou te avè m.


Moun ki te wè sa a, se li menm ki rakonte l. Epi temwanyaj li se verite a. Epitou li menm, li konnen sa li di a se verite a, li di sa pou ou kapab kwè tou.


Apot yo ale kite Konsèy Jwif yo. Yo t ap rejwi nan kè yo dèske Bondye te wè yo diy pou yo sibi lawont kon sa pou non Jezi.


Pou mwen, pa gen wont nan prezante Bòn Nouvèl la. Paske se puisans Bondye li ye, pou sove nenpòt moun ki kwè: pou sove Jwif yo an premye, epi kounye a pou sove sa yo ki pa Jwif tou.


An n fè lwanj pou Bondye! Se li menm ki ka fòtifye nou nan lafwa selon Levanjil m ap preche a, dapre Jezikris, dapre konesans Bondye ban nou sou mistè ki te kache depi lontan.


Jan Bib la di l, “Poutèt ou menm nou kontre danje pou mouri tout tan. Moun vin gade nou menm ak mouton yo pral touye.”


Se sa Bondye di nan Pawòl li: “Men m mete yon wòch nan Siyon ki fè moun fè bitay. Se yon karyann k ap fè moun tonbe. Men, nenpòt moun ki fè l konfyans p ap wont.”


Sa yo se prèv ki konfime mesaj nou an se verite a.


nou di verite a pou tout moun tande, se sou puisans Bondye nou konte. Lavi dwat n ap mennen se zam nou pou n defann tèt nou kont tout kalite atak.


Konsa, mwen menm Pòl, mwen se yon prizonye, paske m ap sèvi Jezikris pou nou menm ki pa Jwif.


Konsa, m ap mande nou pou nou pa dekouraje poutèt sa k rive m nan. Paske, soufrans mwen yo se yon trè bèl avantaj pou nou.


Mwen menm ki yon prizonye paske m ap sèvi Jezikris, m ap mande nou, nou menm Bondye rele, pou nou viv yon jan ki fè lwanj pou Bondye.


Se poutèt sa, nan non Senyè a, men sa m ap di nou: Fè atansyon pou nou pa kontinye viv menm jan ak moun ki pa kwè yo. Moun sa yo, panse ki nan tèt yo p ap mennen yo okenn kote.


M gen rezon pou m panse de nou tout konsa, paske m pote nou nan kè m. Nou tout te ede m nan tout favè Bondye fè m, non sèlman pandan m nan prizon an, men tou, lè m te lib epi m t ap defann mesaj Levanjil la nan montre moun chemen verite a.


Tou sa mwen vle, se konnen Kris la epi rive fè esperyans kalite pouvwa ki fè l resisite a. Mwen ta vle patisipe nan soufrans li epi rive sanble ak li menm nan lanmò li.


Mwen kapab fè fas ak nenpòt ki sitiyasyon poutèt Kris k ap ban mwen fòs.


Se pou Bondye fòtifye nou tout jan ak puisans laglwa li pou nou ka gen pasyans epi pou nou pa bay legen lè pwoblèm yo vini.


Mwen kontan pou m soufri pou nou. Gen anpil soufrans Kris dwe kontinye sipòte, m ap sipòte yo nan kò pa m pou Legliz la, ki se kò Kris la.


Depi lè nou te avèk ou, nou te anonse w davans pwoblèm yo te gen pou vini. Epi nou konnen sa rive egzakteman jan nou te gentan di l la.


Li te bay lavi l pou peye pri liberasyon tout moun. Se mesaj sa a Bondye te bay nan tan li te chwazi pou sa.


Kounye a, don an parèt aklè, lè Jezikris te vin fèt. Li kraze puisans lanmò epi pa mwayen Bòn Nouvèl la, li montre nou chemen lavi pou tout tan.


Se poutèt sa m ap soufri kounye a. Men m pa wont. Mwen konnen nan kilès mwen plase konfyans mwen. Mwen sèten Bondye gen ase puisans pou l pwoteje m nan sa l ban m fè a, jouk nan dènye jou a.


M ap priye pou Bondye gen mezerikòd pou fanmi Onezifò. Plizyè fwa Onezifò te ankouraje m. Li pa t wont poutèt mwen te nan prizon an.


Menm jan ak yon bon sòlda pou Jezikris, se pou ou aksepte pòsyon soufrans pa nou an.


Sonje Jezikris soti nan ras fanmi David, dapre Levanjil m ap preche a, li leve soti vivan nan lanmò.


Se poutèt Levanjil sa a, mwen anba soufrans sa yo, mwen menm rive pran prizon kòm yon malveyan. Men mesaj Bondye a pa nan prizon.


Men Senyè a te kanpe avè m. Senyè te ban m fòs. Konsa, mwen bay Levanjil tout kote m pase. Mwen fè tout payen yo tande Levanjil. Konsa, mwen te delivre soti nan bouch lyon an.


Men ou menm, kontwole tèt ou byen nan tout bagay. Sipòte soufrans, travay nan anonse Levanjil. Travay pou w yon bon sèvitè.


Pouvwa Bondye ap pwoteje nou poutèt lafwa nou epi l ap kenbe nou ansekirite jouk li ban nou delivrans lan nan dènye jou yo.


Nou menm nou te wè li epi n ap rakonte kijan Bondye Papa a te voye Pitit la pou l sove mond lan.


Bondye ki gen tout pouvwa a, k ap prezève nou pou n pa tonbe, epi k ap fè nou prezan devan li nan glwa li, san repwòch epi nan lajwa,


Se Jan k ap rakonte tout sa l te wè. Sa Jezi di l la se verite a. Se mesaj sa a Bondye voye menm.


Mwen se Jan, frè nou, k ap patisipe nan menm detrès la, menm wayòm ak menm pèseverans nan Jezi ak nou. Yo te ekzile m sou zile yo rele Patmòs la, poutèt m t ap di laverite ki konsènen Jezi epi mwen t ap anonse mesaj Bondye a.


Yo ranpòte laviktwa sou li gras ak pouvwa san sakrifis Ti Mouton an ansanm ak mesaj Bondye a yo t ap pote bay moun yo. Yo pa t renmen pwòp tèt yo twòp pou ta fè yo pè lanmò.


Lè sa a, m tonbe ajenou nan pye zanj lan pou m adore l. Men li di m konsa: “Pa adore m. M se yon sèvitè menm jan avè w. M se menm ak frè avèk sè w yo k ap temwanye pou Jezi. Se Bondye pou w adore. Paske temwanyaj pou Jezi se lespri pwofesi a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite