Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Timote 1:15 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Ou konnen tout moun nan Lazi te abandone m. Menm Fijèl ak Emojèn te vire do ban mwen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Ou te pran nouvèl la, pa vre? Tout moun nan pwovens Lazi yo lage m pou kont mwen, ata Fijèl ak Emojèn.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Ou byen okouran ke tout moun ki an Asie yo, te vire kite m, pami yo menm, Phygelle ak Hermogène.

Gade chapit la Kopi




2 Timote 1:15
10 Referans Kwoze  

Pòl ansanm ak ekip li a te vwayaje atravè Friji ak Galasi, paske Sentespri a pa t pèmèt yo anonse Levanjil la nan rejyon Lazi a.


Pòl te fè travay sa a pandan dezan. Pandan tan sa a, tout moun nan rejyon Lazi a, Jwif tankou Grèk, te tande mesaj Bòn Nouvèl Bondye a.


Sa riske kraze repitasyon nou tout ki se òfèv, epi sa riske fè tanp Atemis la pèdi repitasyon l tou nan je pèp la. Menm Atemis, deyès tout moun nan Lazi ak tout moun ap adore a, ka rive pèdi repitasyon l tou.”


Te gen kèk nan chèf Lazi yo ki te zanmi Pòl, yo voye moun vin pote mesaj bay Pòl pou di l tanpri pa vin nan teyat la ditou.


Pami nou la, gen moun ki soti toupatou tankou Pat, Medi, Elam, Mezopotami, Jide, Kapadòs, moun Pon ak moun ki soti an Azi.


Pòl te pran desizyon pou nou pa t kanpe nan Efèz, pou l te ka evite pase twòp tan an Azi. Li t ap prese paske li te vle gentan rive Jerizalèm pou jou Pannkot la si sa ta posib.


Legliz ki nan pwovens Lazi yo voye salitasyon pou nou. Akilas ak Prisil salye nou nan non Senyè a. Legliz ki reyini lakay yo a voye salitasyon pa yo tou.


Paske tout lòt moun yo ap fè sousi pou pwòp tèt yo, se pa enterè Kris y ap chache.


Lè m t ap defann mwen pou premye fwa a, pèsòn pa t ede m. Tout moun vire do ban mwen. Mwen priye pou Bondye pa pran sa pou anyen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite