Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Timote 1:16 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 M ap priye pou Bondye gen mezerikòd pou fanmi Onezifò. Plizyè fwa Onezifò te ankouraje m. Li pa t wont poutèt mwen te nan prizon an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Mwen mande Senyè a pou li gen pitye pou moun lakay Onezifò yo. Paske, anpil fwa Onezifò vin konsole mwen. Li pat wont mwen dèske mwen te nan prizon.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Ke Senyè a bay mizerikòd a lakay Onésiphore, paske Li te souvan konsole m, e li pa t wont pou chenn mwen yo;

Gade chapit la Kopi




2 Timote 1:16
27 Referans Kwoze  

Mwen voye salye Priska ak Akilas, salye fanmi Onezifò yo tou.


Tanpri frè m, fè sa pou mwen, paske w konnen se sa Senyè a vle. Poutèt se nan fanmi Kris la nou ye, sa ta ankouraje kè m anpil si w ta fè sa pou Onezim.


Frè mwen, lanmou ou te montre pou pèp Bondye a te ankouraje kè yo. Sa te ban m anpil kè kontan ak ankourajman tou.


Se responsabilite m pou m anonse Levanjil la. Se travay sa a menm m ap fè malgre m nan prizon an. Priye pou mwen pou m ka pale san krent, jan sa dwe fèt.


Se poutèt sa mwen te vle wè nou epi pale avèk nou. Mwen nan chenn sa a paske mwen kwè nan esperans Izrayèl genyen.”


Wi, nou te ede moun ki nan prizon, nou te pataje soufrans yo. Nou te menm aksepte pou yo sezi byen nou ak kè kontan paske nou te konnen nou gen yon richès ki pi gran, yon richès k ap dire tout tan.


Bondye pa enjis, li p ap bliye tout travay nou fè pou li. L ap sonje ki kalite lanmou nou te montre nou genyen pou li nan jan nou te ede lòt kretyen ak nan jan n ap kontinye ede yo.


M ap priye Senyè Jezi pou Onezifò kapab jwen mezerikòd Bondye nan jou sa a. Ou konnen ki valè ede frè sa te ede m nan Efèz.


Konsa, ou pa dwe wont rann temwanyaj pou Senyè nou an. Epi, pa wont pou mwen tou ki nan prizon poutèt Senyè a. Men, soufri avèk mwen pou Bòn Nouvèl la, avèk puisans Bondye.


Yo se gwo sous ankourajman ni pou nou ni pou mwen. Nou dwe montre apresyasyon pou kalite moun konsa.


Benediksyon pou moun ki gen konpasyon pou lòt moun, Bondye ap gen konpasyon pou yo tou.


Men, pandan yo nan wout la, Nawomi di de bèlfi li yo: “Se pou nou tounen lakay nou al jwenn manman nou. Se pou SENYÈ a beni nou fè nou gras, menm jan nou te aji byen ak mwen ansanm ak de pitit gason m yo ki pa la ankò.


Lè sa a, kòmandan batayon an avanse sou Pòl, li arete l. Li bay lòd pou yo mare Pòl ak de chenn. Apre sa, li mande: “Ki lès nonm sa ye? Ki mal li fè?”


Se poutèt sa m ap soufri kounye a. Men m pa wont. Mwen konnen nan kilès mwen plase konfyans mwen. Mwen sèten Bondye gen ase puisans pou l pwoteje m nan sa l ban m fè a, jouk nan dènye jou a.


Non, li pa t wont. Lè l te vini nan lavil Wòm, li chache jouktan l jwenn mwen.


Sèvitè ki te resevwa de sak lajan an fè benefis de lòt sak.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite