Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Jan 1:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Ansyen an ap salye nou. M ap voye lèt sa a bay dam Bondye te chwazi a ak tout pitit li yo. Mwen renmen nou tout anpil epi se pa sèlman mwen menm, men se tout moun yo ki konnen verite a ki renmen nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Mwen menm, chèf reskonsab nan legliz la, m'ap ekri lèt sa a pou Kiriya Bondye te chwazi a, yon moun mwen renmen tout bon, ansanm ak pitit li yo. Se pa mwen sèlman, men se tout moun ki konn verite a ki renmen nou.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Ansyen an k ap ekri madanm chwazi a, ansanm ak pitit li yo, ke mwen renmen anverite; pa mwen sèlman, men tout sila ki konnen laverite yo,

Gade chapit la Kopi




2 Jan 1:1
25 Referans Kwoze  

Mwen menm tou, m kwè li nòmal, poutèt mwen gentan fè yon bonjan rechèch sou bagay sa yo depi nan kòmansman, pou m ekri yon rapò byen detaye pou ou tou.


epi n ap konnen verite a, epi se verite a k ap ban nou libète.”


Yo ranmase don an epi yo konfye Banabas ak Sòl li pou pote bay lidè fanmi yo nan Jide.


Salitasyon pou Rifi tou, se youn nan moun Senyè a chwazi yo, pou manman l tou, li te yon manman pou mwen.


Lè m te wè yo pa t ap mache dwat dapre verite mesaj Levanjil la, mwen te di Pyè devan tout moun: si ou menm ki Juif, ou ap konpòte w tankou yon moun ki pa Juif, pase pou w ta konpòte w tankou yon Juif, kijan ou fè ap eseye fòse moun ki pa Juif yo pou yo viv tankou Juif?


Moun sa yo, nou pa t lage bay fo frè sa yo ditou. Nou te vle pou verite mesaj konsènan Kris la rete fèm pou nou.


Nou menm moun peyi Galasi, ala nou san konprann! Jan m te byen anseye nou Bòn Nouvèl la. Mwen te prezante nou Jezikris kòm yon moun ki mouri sou kwa a. Èske yon moun te itilize puisans Satan pou jwe nan lespri nou pou fè nou bliye?


Nou te kòmanse kous la trè byen, kisa k pran tèt nou pou fè nou sispann swiv verite a?


Lafwa sa a chita sou espwa nou pral resevwa, sa Bondye te pwomèt nan Bòn Nouvèl la, mesaj Pawòl verite a. Tout sa nou espere yo, Bondye ki nan syèl la pwoteje yo pou nou deja.


Bondye vle pou tout moun sove, pou yo tout rive konnen verite a.


Si nou deside pou nou kontinye nan peche nou yo apre nou fin tande verite a, alò pa gen okenn lòt sakrifis ki ka retire nou nan peche nou yo.


Bondye te planifye lontan davans pou l te chwazi nou epi pou l te fè nou tounen yon pèp apa pou li pa mwayen travay Sentespri a. Bondye vle n obeyi l epi li vle pou san Jezikris ki te koule a fè nou pwòp nèt. M ap priye pou Bondye beni nou epi ban nou gras ak lapè li an abondans.


Kounye a m ap pale ak ansyen ki nan mitan nou yo. M se yon ansyen menm jan ak nou epi m se youn nan moun ki te temwen soufrans Kris la. Mwen menm tou, m ap patisipe nan glwa ki gen pou vini an. Men sa m ap mande nou.


Legliz ki nan peyi Babilòn nan voye salitasyon li pou nou. Bondye te chwazi l menm jan ak nou. Mak, pitit mwen nan Kris la, voye salye nou tou.


Si m ekri nou lèt sa a, se pa paske nou pa konnen verite a, se paske nou konnen li; nou konnen tou pyès manti pa ka soti nan verite a.


Pitit mwen yo, se pa pou nou renmen ak pawòl sèlman, men se pou nou montre nou renmen toutbon vre.


Pitit sè w la, sila a Bondye te chwazi a, yo voye bonjou pou ou.


Epi kounye a m ap mande w yon bagay, chè madam, se pa tankou m ap ekri w yon kòmandman nouvo, men se menm kòmandman an nou te aprann depi nan kòmansman an: se pou nou renmen nou youn lòt.


Se mwen menm, Ansyen an, k ap salye w, Gayis, zanmi byeneme m nan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite