Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Timote 1:17 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Pou Wa k ap renye pou tout tan an, ki pa kapab mouri a, Wa je moun pa kapab wè a, ki se sèl Bondye a, se pou tout moun ba l glwa, onè pou tout letènite! Amèn!

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Se poutèt sa, onè respè, beniswa letènèl pou tout tan gen tan! Wi, li menm ki sèl Bondye nou pa ka wè a, sèl wa ki la pou tout tan an. Amèn.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Koulye a, pou Wa etènèl la, imòtèl la, envizib la, sèl Bondye a; lonè ak laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.

Gade chapit la Kopi




1 Timote 1:17
48 Referans Kwoze  

Apre sa wa a pral di moun ki sou bò dwat li yo: Vin non, nou menm moun Papa m beni. Vin pran posesyon wayòm Papa m te prepare pou nou an depi nan kòmansman.


Aprann yo fè tout sa m te ban nou lòd fè. Epi sonje: m ap toujou avèk nou jiska lafendimonn.”


Pa kite nou tonbe anba tantasyon, men delivre nou anba mechan an.


Pa gen okenn moun ki janm wè Bondye Papa a. Men, se sèl Pitit Bondye a ki nan yon relasyon san parèy ak Papa a, se li menm ki fè konnen kilès Papa a ye.


Nou renmen resevwa lwanj youn lòt. Men, nou pa janm eseye jwenn lwanj ki soti nan Bondye. Alò, kijan pou nou fè kwè?


Gen bagay Bondye genyen moun pa ka wè: egzanp puisans san limit li ak sa ki fè Bondye se Bondye toutbon vre. Tout bagay sa yo, moun ka konprann yo byen fasil nan sa Bondye fè, depi nan kreyasyon an. Bondye fè yo parèt byen klè nan sa l fè. Se poutèt sa, pa gen eskiz pou pèsòn.


Olye yo adore Bondye k ap viv pou tout tan an, yo te brade li ak adorasyon yo bay zidòl yo, bagay yo fè ki sanble ak moun ki ka tonbe malad epi ki ka mouri. Yo te fè yo pou yo ka sanble ak zwazo, zannimo ak bèt ki mache trennen sou vant.


Wi, Bondye fè tout bagay. Epi tout bagay kontinye ap mache pa mwayen li menm ak pou li menm. Tout laglwa se pou Bondye pou tout tan gen tan! Amèn.


Glwa pou Bondye pa mwayen Jezikris pou tout tan, li menm sèl ki gen sajès. Amèn.


Men tout moun ki fè sa ki byen, Bondye ap ba yo laglwa, lonè ak lapè, pou Jwif an premye ak pou moun ki pa Jwif yo tou.


Gen moun ki kontinye fè sa ki byen, y ap chache laglwa ak lonè ki soti nan Bondye ak yon lavi san fen. Moun sa yo, Bondye va ba yo lavi etènèl.


Pèsonn pa kapab wè Bondye, men se pitit la sèlman yo ka wè, ki menm jan ak Bondye nan tout pwen. Se li k ap gouvène tout kreyasyon an, kòm premye pitit gason li.


Moyiz te gen lafwa nan Bondye. Li te kite peyi Lejip san l pa t pè reyaksyon kòlè wa a t ap genyen. Li te rete fèm kòm si l te ka wè Bondye okenn moun pa ka wè a.


Ou te ba l mwens enpòtans pase zanj yo pou yon ti tan. Ou kouwòne l avèk glwa ak onè.


Tout puisans se nan Bondye sa rete pou tout tan gen tan. Amèn.


Se pou n grandi nan lafwa ak nan konesans nou genyen nan Senyè ak Sovè nou Jezikris. Se pou Senyè a tout glwa ye pou tout tan gen tan! Amèn.


Pèsonn pa janm wè Bondye, men si nou renmen youn lòt, Bondye ap viv nan nou epi lanmou vin konplèt nèt nan nou.


Pou Bondye sèl Sovè nou an, pa mwayen Jezikris, se pou tout glwa, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite rasanble nan men li menm sèl, depi kounye a epi pou tout tan! Amèn!


Yo t ap chante kantik Moyiz la, sèvitè Bondye a, ansanm ak kantik Ti Mouton an. Yo t ap di: “Tout sa w fè, se gwo bagay, yo fè moun sezi. Senyè, Bondye toupisan, tout sa w fè, yo dwat epi yo san fot, ou menm ki wa sou tout nasyon yo!


Y ap batay ak Ti Mouton an, men Ti Mouton an ap kraze yo, paske li se Senyè sou tout SENYÈ, Wa sou tout wa yo. Epi l ap gen moun pa l yo avè l, disip ki rete fidèl avè l yo, moun li te chwazi pou moun pa l yo.”


Apre sa, mwen tande gwo vwa nan syèl la, se te vwa yon gwo foul moun. Vwa a t ap di: “Fè lwanj pou Senyè a! Viktwa, glwa ak pouvwa se pou Senyè a.


Sou rad li ak sou janm li, te gen yon non ki ekri: wa tout wa yo ak Senyè tout SENYÈ yo


Apre sa, m tande yon bri, tankou yon foul moun ki t ap fè anpil bri. Sa m tande a, se te menm jan ak gwo lanm lanmè oubyen bri yon bann gwo kout loray. Foul la t ap di: “Fè lwanj pou Senyè a! Senyè Bondye nou an ki gen tout pouvwa, se li k ap gouvène kounye a.


Yo t ap di: “Amèn! Lwanj, glwa, sajès, remèsiman, onè, pouvwa ak puisans pou Bondye nou an, pou tout tan gen tan! Amèn!”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite