Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Timote 1:16 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Men, Jezi fè m gras, li sèvi ak mwen pou montre kijan l gen pasyans. Li fè m tounen yon egzanp pou moun ki dwe kwè nan li, pou yo kapab genyen lavi etènèl.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Men, se poutèt sa Bondye te gen pitye pou mwen. Mwen menm ki te pi mal pase yo tout, se pou mwen Jezikri te moutre jan l ka gen pasyans. Konsa, mwen tounen yon egzanp pou tout moun ki pita va gen pou mete konfyans yo nan li, pou yo ka resevwa lavi ki p'ap janm fini an.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Malgre tout, se pou rezon sa a, ke mwen te twouve gras; pouke nan mwen, kòm chèf pami pechè yo, Jésus Kris ta kapab montre pasyans pafè Li a, kòm yon egzanp pou sila ki ta kwè nan Li yo pou lavi etènèl.

Gade chapit la Kopi




1 Timote 1:16
37 Referans Kwoze  

Konsa tou m ap di nou, gen anpil rejwisans nan pami anj Bondye yo lè yon pechè chwazi chanje lavi li epi tounen vin jwenn Bondye.”


Jezi reponn li: “M ap di w sa franchman, jodi a menm ou ap avèk mwen nan paradi.”


Se poutèt sa, mwen di ou, peche l yo ki anpil vre jwenn padon. Se sa k fè li fè tout bagay sa yo pou montre jan li renmen anpil. Moun yo padone ti kras ap renmen yon ti kras tou.”


Men bagay sa yo ekri pou nou kapab rive kwè Jezi se Kris la, Pitit Bondye a, epi tou lè nou kwè sa nou va gen lavi etènèl.


Nenpòt moun ki kwè nan Pitit la gen lavi etènèl. Men moun ki pa obeyi Pitit la p ap janm gen lavi sa a. Pa gen chape pou yo anba kòlè Bondye.”


Sa m sot di nou la a, se vre. Ban m di nou yon lòt bagay ankò, nenpòt moun ki tande sa mwen di epi ki kwè nan moun ki voye m nan, li genyen lavi etènèl. Moun sa a p ap tonbe anba jijman ankò. Li fini ak lanmò, se viv l ap viv kounye a.


Sa se pwoblèm pa nou, men se pa pwoblèm pa m. Tout sa Papa a te pwomèt mwen ap vin jwenn mwen. E mwen p ap janm rejte youn nan yo.


Nenpòt moun ki wè Pitit la epi ki kwè nan Li, li gen lavi etènèl. Mwen va resisite li nan dènye jou a. Sa a, se sa Papa mwen vle.”


Moun ki pran tan yo ak plezi yo nan manje kò mwen ak bwè san mwen, yo deja genyen lavi etènèl. Pou mwen menm, m ap resisite yo nan dènye jou a.


Tout sa ki te ekri nan Pawòl la nan tan pase, yo te ekri pou ban nou enstriksyon. Yo te ekri pou fè nou viv ak espwa pa mwayen pasyans ak ankourajman yo.


Lè yon moun peche, peche peye l yon salè, se lanmò. Men Bondye bay moun pa li yo yon kado, se lavi etènèl nan Jezikris, Senyè nou an.


Kounye konsènan ka moun ki pa marye yo, mwen pa resevwa okenn lòd espesyal nan men Senyè a. Men mwen vle bay yon opinyon nou ka fè konfyans. Bondye fè m gras nan sans sa a.


Bondye, nan bonte l, konfye nou travay sa a pou nou fè. Se poutèt sa, nou p ap abandone l.


Se poutèt sa, nou menm ki te gentan mete konfyans nou nan Kris la, an n fè louwanj pou glwa Bondye.


Konsa, tout moun va wè grandè gras li pou nou pa mwayen Jezi, Pitit byeneme l la. Tout moun va fè louwanj pou gras li.


Kalite bonte sa a, Bondye manifeste l anvè nou menm ki pou Kris, se pou l ka montre aklè kantite richès gras li genyen pou tout tan gen tan.


Sa gen pou li rive jou Jezi va retounen pou l resevwa lonè nan mitan pèp ki apa pou li a. Tout moun ki kwè gen pou admire l. Ou menm tou, ou ladan l, paske ou kwè sa nou te anseye sou Jezi yo.


Poutan, anvan sa, mwen te fè l anpil mal, mwen te pèsekite moun pa l yo, mwen te yon nonm ògeye epi vyolan. Men Bondye fè m gras, mwen t ap aji nan inyorans, se te anvan m te kwè nan Jezi.


Konsa, Jezi gen pouvwa pou l sove nètale tout moun ki vin jwenn Bondye pa mwayen li menm. Li toujou vivan epi li vle entèsede pou tout moun ki pwoche bò kote Bondye.


Sa vle di, sila yo ki te dezobeyi Bondye lè l t ap pran pasyans pou yo nan epòk Noye t ap bati lach la. E se yon ti gwoup uit moun sèlman ki te sove nan bato a anba gwo lapli a.


Sonje se grenmesi pasyans Senyè a nou sove. Se sa frè byenneme nou an, Pòl, di nan sa l ekri ak sajès Bondye ba li.


Senyè a pa an reta nan akonpli pwomès li yo, jan kèk moun konprann li an reta a. Men se pasyans li genyen pou nou konsa. Li pa vle okenn moun peri, men pou tout moun rive repanti.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite