Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Timote 1:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Mwen remèsye Senyè nou an, Jezikris, paske li fè m konfyans, li pran m pou m sèvi l. Epi li ban m fòs pou m fè sa.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 M'ap remèsi Jezikri, Senyè nou an, deske li ban mwen kouraj pou m' fè travay mwen. M'ap di li mèsi deske li konsidere m' anpil pou li fè m' tout konfyans sa a jous li rive chwazi m' pou sèvis li,

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Mwen remèsye Kris Jésus Senyè nou an, ki te ranfòse mwen, paske Li te konsidere mwen fidèl e te mete m an sèvis:

Gade chapit la Kopi




1 Timote 1:12
26 Referans Kwoze  

Li di yo: Si nou al travay nan jaden rezen m nan, m ap ba nou yon bagay ki rezonab.


Bondye fè sa kon sa pou fè tout moun gen respè pou Pitit la, menm jan yo gen respè pou Papa a. Nenpòt moun ki pa gen respè pou Pitit la pa gen respè pou Papa a. Se li menm ki voye Pitit la.


Sa te fè Lidi ansanm ak tout moun lakay li resevwa batèm. Apre sa, li envite nou vin lakay li. Li di nou: “Si nou kwè toutbon mwen mete konfyans mwen nan Senyè a, se pou nou fè ladesant lakay mwen.” Se fòse l te fòse nou fè ladesant lakay li.


Men, Senyè a di Ananyas: “Al fè sa m di w la, paske nonm sa a se yon enstriman mwen chwazi pou rann temwanyaj pou mwen devan payen yo, devan wa yo ak tout pèp Izrayèl la.


Men, Sòl te vin pi maton toujou nan demontre Jezi se Mesi a, pa mwayen detay li t ap bay yo. Agiman Sòl yo te tèlman fò, Jwif ki te nan Damas yo te oblije bat ba devan l.


Mwen sa m ye jodi a, paske Bondye fè m gras. E gras la pa pèdi, paske mwen travay pi plis pase tout lòt apot yo. (Anreyalite, se pa mwen menm ki travay, se gras Bondye nan mwen k ap fè travay la.)


Ofon, kisa Apolòs ye? Ki sa Pòl ye? Nou se sèlman sèvitè Bondye sèvi kòm kanal pou ede w kwè nan Bondye. Nou chak ap fè senpleman fè travay Bondye ba nou pou nou fè.


Kounye konsènan ka moun ki pa marye yo, mwen pa resevwa okenn lòd espesyal nan men Senyè a. Men mwen vle bay yon opinyon nou ka fè konfyans. Bondye fè m gras nan sans sa a.


Bondye, nan bonte l, konfye nou travay sa a pou nou fè. Se poutèt sa, nou p ap abandone l.


Sa k fè m di sa a, se paske nou tout nou se pitit Bondye pa mwayen lafwa nou mete nan Jezikris.


Pa gen diferans ankò ant moun ki Juif ak moun ki pa Juif. Pa gen diferans ankò ant moun ki esklav ak moun ki lib. Pa gen diferans ankò ant gason ak fanm. Mwen di sa, paske nou tout nou se yon sèl fanmi an nan Jezikris.


Yo tout va konfese: “Jezi se Senyè a,” sa va fè Bondye Papa a jwenn anpil glwa.


Mwen kapab fè fas ak nenpòt ki sitiyasyon poutèt Kris k ap ban mwen fòs.


Mwen vin yon sèvitè pou Legliz la, paske Bondye ban mwen yon travay espesyal pou m fè. Travay li ban mwen an, se pou m anonse mesaj Bondye a tout kote.


Se mwen menm Pòl, apot Jezikris la, k ap salye nou. Mwen se yon apot sou baz kòmandman Bondye, Sovè nou, ansanm ak Jezikris, sous esperans nou an.


Ansèyman sa a fè pati Bòn Nouvèl Bondye ki gen anpil benediksyon an te konfye m pou m anonse a. Bòn Nouvèl sa a fè laglwa Bondye parèt aklè.


M ap ekri w lèt sa a, Timote, pitit mwen nan lafwa, ki tankou yon pitit ki soti nan zantray mwen. Se pou Bondye Papa a, ansanm ak Jezikris, Senyè nou an, beni w ak anpil gras, mizerikòd epi lapè.


Kounye a, nan prezans Bondye, li menm ki fè tout bagay egziste, m ap ba w kòmandman sa a. M ap ba ou l tou nan prezans Jezikris ki te bay you bèl temwanyaj nan bèl deklarasyon li te fè devan Pons Pilat la. Mwen mande w:


Sa w tande m anseye devan tout moun, se pou w anseye lòt moun menm bagay yo. Pataje yo ak moun de konfyans ki gen kapasite pou anseye lòt moun menm bagay yo.


Men Senyè a te kanpe avè m. Senyè te ban m fòs. Konsa, mwen bay Levanjil tout kote m pase. Mwen fè tout payen yo tande Levanjil. Konsa, mwen te delivre soti nan bouch lyon an.


Mwen ekri w lèt sa a, Tit. Ou se tankou yon pitit toutbon vre pou mwen, paske nou toulede dakò sou sa nou kwè. M ap priye pou Bondye Papa a ansanm ak Jezikris Sovè nou an, pou yo fè w gras epi ba w lapè!


men m pito mande w fè sa ak lanmou. Paske m konnen ki sousi ou genyen pou mwen, Pòl, ki fin granmoun epi ki nan prizon poutèt m ap sèvi Kris la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite