Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Timote 1:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Ansèyman sa a fè pati Bòn Nouvèl Bondye ki gen anpil benediksyon an te konfye m pou m anonse a. Bòn Nouvèl sa a fè laglwa Bondye parèt aklè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Verite sa a, nou jwenn li nan bèl mesay Bondye te mete m reskonsab pou anonse a. Se bòn nouvèl ki pale nou sou Bondye ki merite nou fè lwanj pou li a.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 selon levanjil laglwa Bondye ki beni an, li menm ke yo te konfye m nan.

Gade chapit la Kopi




1 Timote 1:11
25 Referans Kwoze  

“Lwanj pou Bondye nan syèl la, epi kè poze sou latè pou tout moun ki fè Bondye plezi.”


Se kon sa sa va ye, dapre Levanjil m ap preche a, nan jou kote Bondye va jije panse kache moun yo pa mwayen Jezikris.


Si se te mwen menm ki te chwazi preche levanjil kòm yon travay, lè sa a mwen t ap gen dwa ak yon salè. Men se pa t chwa pa m, se yon misyon Bondye konfye m.


Chèf mond sa a avegle entèlijans moun ki pa kwè yo. Konsa, yo pa ka wè limyè Levanjil laglwa Kris la k ap briye. Tout sa Bondye ye se sa Kris la ye.


Paske yon jou, Bondye di: “Se pou limyè briye nan fènwa.” Se menm Bondye sa a ki fè limyè li briye nan kè nou. Li fè nou konnen glwa li k ap briye sou vizaj Kris la.


Okontrè, yo wè Bondye te chwazi m pou m preche Levanjil la bay moun ki pa Juif yo, menm jan li te chwazi Pyè pou preche Levanjil la bay moun ki Juif yo.


Se poutèt sa, nou menm ki te gentan mete konfyans nou nan Kris la, an n fè louwanj pou glwa Bondye.


Konsa, tout moun va wè grandè gras li pou nou pa mwayen Jezi, Pitit byeneme l la. Tout moun va fè louwanj pou gras li.


Kalite bonte sa a, Bondye manifeste l anvè nou menm ki pou Kris, se pou l ka montre aklè kantite richès gras li genyen pou tout tan gen tan.


Plan Bondye nan tout bagay sa yo, se pou tout anj ki nan syèl yo rive konnen kijan li montre sajès li nan yon bann fason ki varye. Y ap konnen sa pa mwayen Legliz la.


Mwen vin yon sèvitè pou Legliz la, paske Bondye ban mwen yon travay espesyal pou m fè. Travay li ban mwen an, se pou m anonse mesaj Bondye a tout kote.


Okontrè, nou te jwenn konsantman Bondye anvan menm nou kòmanse travay predikasyon an. Wi, Bondye konfye nou pou n preche Bòn Nouvèl la. Konsa, se Bondye n ap chache fè plezi lè nou preche Bòn Nouvèl la. Nou pa preche pou fè moun plezi. Bondye wè sa k ap pase nan kè nou.


Se poutèt temwanyaj sa a, Bondye chwazi m pou fè m yon predikatè, yon apot. Li ban m responsablite pou m anseye moun ki pa Jwif yo sa yo dwe kwè, pou m di yo verite a. Se pa manti m ap bay, sa m ap di a, se verite a.


Se Bondye k ap voye Jezikris retounen nan jou li menm li fikse a. Se li sèl ki mèt onorab epi diy sou tout bagay. Li se Wa sou tout wa yo, Senyè sou tèt tout SENYÈ yo.


Timote, kenbe sa Bondye ba w la fidèlman. Pa antre nan diskou ki pa itil anyen epi ki kontrè ak lafwa, vye kritik moun ki di yo gen “konesans”, poutan se pa vre.


Bondye ban m responsabilite pou m preche Bòn Nouvèl sa a kòm yon apot, epi kòm yon pwofesè.


Ansèyman sa yo, se yon gwo trezò ou te resevwa pou w gade. Se pou w pwoteje l pa mwayen èd Sentespri a, li menm k ap viv nan nou.


Sa w tande m anseye devan tout moun, se pou w anseye lòt moun menm bagay yo. Pataje yo ak moun de konfyans ki gen kapasite pou anseye lòt moun menm bagay yo.


Lè bon moman an te rive, li te fè moun konnen Bòn Nouvèl sa a. Bondye Sovè nou an te ban mwen mesaj sa a epi li pase m lòd pou m fè tout moun konnen sa l di.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite