1 Jan 5:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil8 Lespri, dlo ak san, epi toulètwa temwayaj yo ale nan menm sans. Gade chapit la1998 Haïtienne8 Se Lespri Bondye a, se dlo a ansanm ak san an. Yo touletwa yo dakò. Gade chapit laBib Sen An: Kreyòl Ayisyen8 Lespri a, dlo a, ak san an; epi tout nan twa sa yo se an akò kon youn sèl. Gade chapit la |
Lè moun kite chemen Kris la, ki lòt bagay ou ka fè ankò pou fè yo chanje lavi yo? M ap pale de moun ki gen tan aprann verite a, moun ki gen tan resevwa don Bondye, moun ki gen tan patisipe nan Sentespri a. Yo gentan tande mesaj la epi yo gentan wè puisans li k ap aji nan lemonn. Men, apre sa, yo vire do bay tout bagay. Li enposib pou fè moun kon sa chanje ankò. Moun ki rejte Kris la se klouwe y ap klouwe l sou kwa a ankò, se wont y ap fè li wont devan tout moun.