Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Jan 5:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Konsa, nou genyen twa temwayaj sou Jezi Jezikris:

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Gen yo twa k'ap di Jezi se moun ki te vini an.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Paske gen twa ki bay temwen;

Gade chapit la Kopi




1 Jan 5:7
31 Referans Kwoze  

Pandan Pyè ap pale konsa, yon nyaj klere vin kouvri yo, epi yon vwa pale nan nyaj la, li di: “Sa a se pitit mwen renmen anpil la. Li toujou fè kè m kontan. Tande l lè l pale!”


Men si l refize koute w, chache youn ou de lòt frè met avè w, paske tout akizasyon ki gen valè bezwen gen de ou twa temwen ki konfime l.


Ale fè disip nan tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.


Anvan tout bagay te kòmanse, Pawòl la te la. Li te avèk Bondye epi Pawòl la se te Bondye menm.


Mwen menm ak Papa a nou se youn.”


Papa, fè wè glwa w non!” Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: “Mwen fè wè glwa m deja, epi m ap fè wè glwa m ankò.”


Se li menm ki Lespri verite a. Moun ki nan lemonn pa kab resevwa l, paske yo pa wè li epi yo pa menm konnen l. Nou menm, nou konnen li, paske li bò kote nou epi l ap vin viv nan nou.


Lè konsolatè a va vini, moun m ap voye soti lakay Papa a, Lespri verite Papa a ap voye a, l ap rann temwanyaj pou mwen.


Menm jan lavi se nan Papa a li soti, kon sa tou, Papa a bay Pitit la pouvwa pou l bay lavi.


Mwen temwanye pou mwen menm. Epi Papa m ki voye m nan se yon lòt temwen pou mwen.”


Jezi reponn yo: “Si se mwen k ap fè lwanj pou tèt mwen, lwanj mwen an pa vo anyen. Se Papa m ki fè lwanj pou mwen, li menm n ap di se Bondye nou an.


Jezi monte nan syèl la. Li adwat Bondye menm. Li resevwa Sentespri Papa a te pwomèt la nan men Bondye Papa a. Se Sentespri sa a li vide sou nou. Sa n ap wè la a, ak sa n ap tande yo, se Sentespri sa a menm k ap manifeste.


Nou menm k ap pale avèk ou la a, nou se temwen tout bagay sa yo. Sentespri a Bondye bay tout moun ki chwazi obeyi l yo, li kapab jistifye tout bagay sa yo tou.”


Nou vle pale w de Pawòl ki bay lavi a, sila a ki te la okòmansman an. Se li menm nou te tande epi nou te wè ak pwòp je nou. Nou te wè kijan l te aji, epi men nou te touche l.


Jezikris, se li menm ki te vini pa mwayen dlo epi pa mwayen san. Li pa t vini pa mwayen dlo sèlman, men li te vini pa mwayen dlo epi pa mwayen san. Lespri di nou sa a se verite a, paske Lespri se verite a.


Lespri, dlo ak san, epi toulètwa temwayaj yo ale nan menm sans.


L abiye ak yon rad ki te plen san. Yo rele li “Pawòl Bondye.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite