Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Jan 2:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Si nou obeyi sa Bondye mande nou fè, lè sa a, nou sèten nou konnen li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Si nou fè sa Bondye mande nou fè, lè sa a nou mèt sèten nou konnen li.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Se konsa nou konnen ke nou gen tan konnen Li, si nou kenbe kòmandman Li yo.

Gade chapit la Kopi




1 Jan 2:3
26 Referans Kwoze  

Pou kisa n ap rele m Senyè, Senyè tandiske nou pa fè sa mwen di?


Si nou renmen m, n ap fè sa m di nou fè.


Si nou fè sa m kòmande nou fè, n ap kontinye viv nan lanmou mwen, menm jan mwen menm, mwen fè sa Papa m kòmande m, epi m kontinye viv nan lanmou li.


Nou se zanmi m si nou fè sa m mande nou fè.


Lavi etènèl se lè yon moun konnen w kòm sèl vrè Bondye, epi lè l konnen Jezikris, moun ou voye a.


Paske yon jou, Bondye di: “Se pou limyè briye nan fènwa.” Se menm Bondye sa a ki fè limyè li briye nan kè nou. Li fè nou konnen glwa li k ap briye sou vizaj Kris la.


Sa fè l tounen yon granprèt ki san defo. Li fè pwovizyon pou tout moun ki obeyi l jwenn yon delivrans ki la pou tout tan.


M ap ekri nou lèt sa a, papa yo, paske nou konnen moun ki egziste depi nan kòmansman an. M ap ekri nou, nou menm ki jèn, paske nou gen viktwa sou move dezi nou yo.


Nou konnen nou kite lanmò pou nou antre nan lavi, paske nou renmen frè ak sè nou yo. Men moun ki pa genyen lanmou, li rete nan lanmò.


Konsa, n ap sèten nou se moun ki nan verite a epi devan Bondye, n ap gen konsyans nou klè.


Nenpòt moun ki rete nan li pa kontinye nan peche; nenpòt moun ki kontinye nan peche pa t janm konprann Kris vrèman, epi li pa t menm konnen l.


Men kijan nou ka konnen n ap viv nan Bondye epi Bondye ap viv nan nou: Li te pataje Lespri li ak nou.


Zanmi m yo, se pou nou gen lanmou youn pou lòt, paske lanmou soti nan Bondye. Nenpòt moun ki gen lanmou nan kè l, se nan Bondye li soti. Li konnen Bondye.


Nou konnen nou se pitit Bondye epi tou mond lan rete anba pouvwa Satan.


Kòman nou kapab konnen nou renmen pitit Bondye yo? Se lè nou renmen Bondye epi lè nou obeyi kòmandman li yo.


Paske, men kisa sa vle di renmen Bondye: se obeyi kòmandman li yo, epi kòmandman li yo pa twò difisil.


Lè sa a, dragon an te an kòlè kont fi a anpil. Li pati pou fè lagè ak tout pitit fi a. Pitit li yo, se moun k ap viv nan obeyi Bondye epi k ap rann temwanyaj pou Jezi.


Se poutèt sa, moun ki apa pou Bondye yo, moun k ap obeyi kòmannman Bondye epi ki kwè nan Jezi, yo dwe gen pasyans.


Benediksyon pou moun ki lave rad yo pou yo k ap gen dwa nan pye bwa lavi a, pou yo antre nan pòtay vil la!


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite