Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Jan 2:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Se pa mwayen sakrifis Jezi a peche nou padone. Epitou, se pa sèlman peche pa nou yo, men tou, peche tout moun.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Paske, Jezikri te fè sakrifis tèt li bay Bondye pou peche nou, non sèlman pou peche pa nou, men tou pou peche lemonn antye.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Se Li menm ki sakrifis ekspiyatwa a pou peche nou yo, non sèlman pou nou, men pou tout lemonn lan.

Gade chapit la Kopi




1 Jan 2:2
17 Referans Kwoze  

Lè sèvitè a fin i, li di mèt kay la: Mèt, mwen fè tout sa ou te di m fè a men, gen plas vid toujou.


Nan demen, Jan wè Jezi ki t ap vini bò kote l, li di: “Gade, men mouton Bondye a! Se li ki wete peche lemonn.


Epi mwen menm, lè yo va leve m anwo tè a, m ap rale tout moun vin jwenn mwen.”


Moun yo di fanm nan: “Anvan, nou te kwè poutèt sa ou te di nou. Men kounye a, nou kwè paske nou tande Li ak pwòp zòrèy nou. Kounye a, nou konnen se li menm ki gen pou sove lemonn.”


Se pou rezon sa a, Jezi te bezwen sanble ak frè l ak sè l yo nan tout bagay. Se sa menm ki fè li ka fè sèvis pou nou devan Bondye, tankou yon granprèt fidèl epi ki gen kè nan men. Se li menm ki ofri sakrifis ki padone peche pèp la.


Kris “te pote peche nou yo” nan kò li sou lakwa. Se poutèt sa nou fin viv pou peche epi nou ka mennen yon vi ki fè Bondye plezi. “Paske blesi li yo geri nou”.


Kris li menm te mouri yon fwa pou peche nou yo. Li menm ki te inosan, li mouri pou koupab yo, pou l mennen yo bay Bondye. Moun yo te touye l, men Sentespri Bondye a te resisite l.


Si n ap mache nan limyè, paske Bondye nan limyè, n ap gen bon jan relasyon youn ak lòt epi san sakrifis Jezikris, pitit Bondye a, ap netwaye tout peche nou yo epi l ap fè nou pwòp.


Epitou, nou konnen sa, Jezikris te vini pou li wete peche epi li pa gen peche nan li.


Kounye a, kisa lanmou ye? Se pa nou ki te renmen Bondye an premye, men se li ki te tèlman renmen nou. Li si tèlman renmen nou, li voye Pitit li pou li netwaye peche nou yo.


Nou menm nou te wè li epi n ap rakonte kijan Bondye Papa a te voye Pitit la pou l sove mond lan.


Nou konnen nou se pitit Bondye epi tou mond lan rete anba pouvwa Satan.


Yo te voye gwo dragon an jete deyò soti nan syèl la. Dragon sa a, se li menm ki sèpan ansyen an, yo rele l dyab ak satan. Se li k ap twonpe tout mond lan. Yo ranvèse l sou latè ansanm ak anj li yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite