Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 3:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 “Moïse te di: ‘Senyè Bondye a va fè leve pou nou yon pwofèt tankou mwen ki sòti nan frè nou yo. A Li menm, nou va prete atansyon a tout sa Li di nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Se konsa Moyiz te di: Bondye, Mèt nou an, gen pou l voye yon pwofèt ban nou tankou l te voye m lan. Se va yonn nan frè nou yo. Se pou nou koute tou sa l'a di nou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 Sou koze sa a, men sa Moyiz te ekri: Senyè Bondye nou an ap voye yon pwofèt ban nou menm jan li te voye m nan. Se youn nan pami nou l ap ye. Nou fèt pou n bay tout pawòl li di nou yo valè.

Gade chapit la Kopi




Travay 3:22
22 Referans Kwoze  

Epi foul la t ap di: “Sa se pwofèt Jésus ki sòti Nazareth nan Galilée a”.


Malgre sa, Mwen oblije fè wout Mwen jodi a, demen ak jou apre a, paske li pa kapab fèt pou yonpwofèt ta peri andeyò Jérusalem.’”


Li te di yo: “Ki bagay”? Epi yo te di Li: “Bagay sou Jésus de Nazareth la, ki te yon pwofèt byen fò nan zèv, ak pawòl nan zye Bondye avèk tout pèp la.


Paske Lalwa te bay pa Moïse, men nou te resevwa gras ak verite pa Jésus Kris.


Mwen te vini kon yon limyè nan mond lan, pou tout moun ki kwè nan Mwen pa rete nan tenèb.


“Anverite, Anverite, Mwen di nou, moun ki tande pawòl Mwen, epi kwè Li menm ki te voye Mwen an, genyen lavi etènèl, epi pa p vini nan jijman, men li gen tan kite lanmò, pou antre nan lavi.


Ankò Jésus te pale avèk yo e te di: “Mwen se limyè a lemonn. Sila a ki swiv Mwen p ap mache nan tenèb, men l ap gen limyè lavi a.”


Se te Moïse sila a ki te di a fis Israël yo: ‘Bondye va fè leve pou nou yon pwofèt tankou mwen ki sòti nan frè nou yo.’


Paske sa ke Lalwa a pa t kab fè akoz feblès li anvè lachè a, Bondye te fè l lè Li te voye pwòp Fis li menm nan imaj a chè peche a, kòm yon ofrann pou peche. Konsa, Li te kondane peche nan lachè,


ki gen patriyach yo, e ki se zansèt a Kris la selon lachè; Li menm ki sou tout bagay, Bondye beni pou tout tan an. Amen.


Men lè dat fikse a te rive, Bondye te voye Fis Li a fèt de yon fanm, fèt anba Lalwa


Pou rezon sa a, nou dwe prete bokou plis atansyon a sa nou tande deja, pou nou pa vin vag sou li.


Epi apre, lè L te vin pafè, Li te vin devni pou tout sila ki obeyi Li yo, sous sali etènèl la,


Revelasyon a Jésus Kri, ke Bondye te bay Li pou montre a sèvitè Li yo; bagay ki t ap oblije rive avan lontan yo, ke Li te voye kominike pa zanj Li, a sèvitè Li, Jean,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite