Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 3:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Li menm ke syèl la oblije resevwa jiskaske tan restorasyon tout bagay ke Bondye te pale pa bouch a pwofèt sen Li yo depi nan tan ansyen an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Pou kounyeya, Jezi gen pou l rete nan syèl la jouk lè Bondye va vini pou mete tout bagay nan plas yo ankò, jan l te fè nou konnen l lan nan bouch pwofèt li yo depi nan tan lontan.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Men, li nesesè pou Jezi rete nan syèl la jouktan lè a rive pou Bondye Papa a restore yon relasyon ki dwat ant Bondye ak limanite. Bondye te pale de gran restorasyon sa a depi byen lontan deja nan bouch pwofèt li yo.

Gade chapit la Kopi




Travay 3:21
16 Referans Kwoze  

Mwen va restore jij nou yo tankou nan kòmansman an ak konseye yo jan lè nou te fenk kòmanse a. Apre sa, yo va rele nou vil ladwati, yon vil ki fidèl.


Jan Li te pale pa bouch a pwofèt Li yo depi nan ansyen tan an,


E yo menm osi te di: “Moun Galilée yo, poukisa nou kanpe ap gade nan syèl la? Jésus sila a, ki leve kite nou, pou ale nan syèl la, va vini menm jan ke nou wè L ale nan syèl la”.


“A Li menm, tout pwofèt yo pote temwayaj, ke selon non Li tout moun ki kwè nan Li resevwa padon pou peche yo.”


“Donk repanti e retounen, pou peche nou yo kapab efase e pou tan rafrechisman yo kapab sòti nan prezans Senyè a;


epi pou Li kapab voye Jésus, Kris la ki te deziye pou nou avan lè,


ke kreyasyon an li menm osi va libere soti nan esklavaj a koripsyon, pou l antre nan libète laglwa a fis Bondye yo.


Bondye, nan tan lontan, nan plizyè epòk ak plizyè mwayen, te pale a zansèt nou yo pa pwofèt yo.


Paske okenn pwofesi pa t janm fèt pa volonte a moun, men lèzòm, dirije pa Lespri Sen an te pale pawòl yo ki te soti nan Bondye.


pou nou kab sonje pawòl ki te pale oparavan pa pwofèt sen yo e kòmandman a Senyè ak Sovè a ki te pale pa apot nou yo.


“Rejwi sou li, o syèl, e nou menm, sen, apot ak pwofèt yo, paske Bondye te pwononse jijman pou nou kont li.”


Konsa, Li te di mwen: “Pawòl sa yo fidèl e vrè”. Senyè a, Bondye a tout lespri pwofèt yo, te voye zanj Li pou montre sèvitè li yo bagay ki dwe rive nan yon ti tan tou kout.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite