Travay 15:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen3 Konsa voye pa legliz la, yo t ap travèse Phénicie ak Samarie, e t ap bay an detay istwa konvèsyon pèp etranje yo. Sa te fè kè a tout frè yo kontan anpil. Gade chapit la1998 Haïtienne3 Se legliz la ki te voye yo fè vwayaj sa a. Yo pase nan Fenisi ak nan Samari. Sou tout wout la, yo t'ap rakonte ki jan moun ki pa jwif yo te tounen vin jwenn Bondye. Tout frè yo te kontan anpil lè yo tande sa. Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil3 Legliz la te ede yo prepare pou vwayaj la. Lè yo derape, yo pase Fenisi epi yo pase Samari. Nan tout kote sa yo, yo fè moun yo konnen kijan moun ki pa Jwif yo te tounen vin jwenn Bondye. Tout kwayan yo te kontan anpil lè yo tande nouvèl sa yo. Gade chapit la |