Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Travay 15:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Lè Paul ak Barnabas te fè yon gran diskisyon ak deba avèk yo, lòt frè yo te detèmine ke Paul ak Barnabas ak kèk lòt nan yo ta dwe monte Jérusalem vè lòt apòt yo ak lansyen yo konsènan pwoblèm sila a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Pòl ak Banabas pat dakò menm ak moun sa yo. Sa te fè yon gwo diskisyon. Se konsa, frè yo deside voye Pòl, Banabas ansanm ak kèk lòt moun Antyòch moute Jerizalèm pou regle kèsyon sa a ak apòt yo ansanm ak chèf fanmi yo.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Pòl ak Banabas pa t dakò ak ansèyman mesye yo ditou. Sa te lakoz gwo diskisyon. Konsa, frè yo nan vil Antyòch deside voye Pòl ak Banabas, ansanm ak kèk lòt moun, ale Jerizalèm pou diskite kesyon an ansanm avèk apot yo ak lidè yo.

Gade chapit la Kopi




Travay 15:2
20 Referans Kwoze  

Men nou pa t soumèt a yo menm pandan menm yon moman, pou verite levanjil la ta kapab rete avèk nou tout.


Paske mwen pa konsidere tèt mwen kòm enferyè a pi gran apot yo.


Lè yo te rive Jérusalem, yo te resevwa pa legliz la avèk tout apòt ak ansyen yo. Konsa, yo te bay yon rapò konple de tout sa ke Bondye te fè avèk yo.


Se konsa yo te fè, e te voye l pa men Barnabas ak Saul pou livre bay ansyen yo.


Byeneme yo, pandan mwen t ap fè tout efò pou ekri nou selon delivrans ke nou pataje ansanm, mwen te sanse ke m te bezwen ekri nou epi plede avèk nou ke nou lite fò pou lafwa ki te delivre yon fwa pou tout a sen yo.


Paul, aple kon apot Jésus Kri pa volonte Bondye a, ak Sosthène, frè nou,


Jou swivan an Paul te antre avèk nou vè Jacques, epi tout ansyen yo te la.


Alò, pandan yo t ap travèse vil yo, yo t ap livre bay desizyon a ki te detèmine pa apòt yo ak ansyen yo nan Jérusalem.


“Konsa, nou voye Jude ak Silas ki yo menm va osi bay rapò a menm bagay sila yo pa pawòl nan bouch yo.


li te sanble bon pou nou, akoz nou tout te vin dakò ansanm, pou chwazi kèk mesye pou voye kote nou avèk byeneme nou yo, Barnabas ak Paul.


“Lespri a te di m ale avèk yo san krent. Sis frè sila yo osi te ale avè m, e nou te antre nan kay mesye a.


Konsa, li te envite yo antre, e li te bay yo lojman. Nan jou swivan a, li te leve. Li te sòti avèk yo, e kèk nan frè Joppé yo te akonpanye li.


SENYÈ a te di a Samuel: “Koute vwa a pèp la selon tout sa ke yo di ou, paske yo pa t rejte ou, men yo te rejte Mwen kòm wa sou yo.


Si ou fè bagay sa a jan Bondye kòmande ou a, alò, ou va gen kouraj pou andire, e anplis, tout moun sa yo va ale lakay yo anpè.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite