Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 10:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Lè l te fin eksplike yo tout bagay, li te voye yo Joppé.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Li rakonte yo tou sa k te pase. Lèfini, li voye yo Jope.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Kònèy rakonte mesye yo tout sa k te pase a epi li voye yo ale Jope.

Gade chapit la Kopi




Travay 10:8
11 Referans Kwoze  

Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a.


Alò, Pierre te byen twouble nan lespri li sou sa vizyon li te wè te siyifi a. Epi konsa mesye ki te voye pa Corneille yo, lè yo te fin mande tout direksyon pou kay Simon, te parèt nan pòtay la.


Pou sa, mwen te fè ou vin touswit, e ou tèlman emab, ke ou vini. Alò, koulye a, nou tout isit la, prezan devan Bondye pou tande tout sa ke ou kòmande pa Senyè a.”


Lè zanj ki t ap pale avè l la te ale, li te rele de nan sèvitè li yo, avèk yon sòlda fidèl nan lafwa ki te sèvi li tout tan.


“Konsa, Wa Agrippa, mwen pa t dezobeyisan a vizyon selès la,


Alò, nan Joppé te gen yon sèten disip ke yo te rele Tabitha (ki tradwi an Grèk kon Dorcas). Fanm sa a te ranpli avèk zèv konpasyon ak charite ke li t ap fè tout tan.


Lydde te toupre Joppé, e disip yo te tande Pierre te la. Konsa yo te voye de mesye bò kote li pou sipliye l: “Pa fè reta! Vin kote nou”!


Sa te vin konnen toupatou nan Joppé, eanpil moun te kwè nan Senyè a.


Apre sa li te rete anpil jou nan Joppé avèk yon bòs tanè ke yo rele Simon.


pou revele Fis Li a nan mwen menm, pou mwen ta kapab preche li pami pèp etranje yo, mwen pa t nan moman sa a konsilte avèk chè ak san.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite