Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Travay 10:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Lè zanj ki t ap pale avè l la te ale, li te rele de nan sèvitè li yo, avèk yon sòlda fidèl nan lafwa ki te sèvi li tout tan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Fini zanj Bondye a fin pale, l ale. Kònèy rele de domestik ansanm ak yonn nan gad kò l ki t'ap sèvi Bondye jwif yo tou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Lè anj lan fin pale kon sa ak Kònèy, li ale. Kònèy menm rele de nan sèvitè l yo ansanm ak yon sòlda ki se youn nan gad di kò l yo. Sòlda sa a, se te yon relijye tou.

Gade chapit la Kopi




Travay 10:7
13 Referans Kwoze  

pa tankou yon esklav ankò, men plis ke yon esklav yon frè byeneme, sitou pou mwen menm, men plis ankò pou ou, nan lachè e nan Senyè a.


Konsa, kèk sòlda t ap mande li: “Epi kisa pou nou menm fè”? Li te di yo: “Pa pran lajan sou okenn moun pa lafòs, ni fè fo akizasyon kont pèsòn. Rete satisfè avèk salè nou.”


Men si ou pè desann, ale avèk Pura, sèvitè ou a, anba nan kan an.


Sila ki gen kwayan kòm mèt yo pa dwe derespekte yo paske yo se frè yo, men dwe sèvi yo plis toujou, paske sila ki pataje benefis yo se kwayan e byeneme. Enstwi e preche prensip sa yo.


Lè sèvitè Abraham nan te tande pawòl sa yo, li te bese tèt li atè devan SENYÈ a.


Lè yo fin pati, lapoula yon zanj Bondye te vin parèt a Joseph nan yon rèv. Li te di l: “Leve pran Pitit la avèk manman L epi kouri ale an Égypte. Rete la jiskaske mwen di ou, paske Hérode ap chèche Zanfan sila a pou l ka detwi L.”


Konsa, te gen yon mesye Jérusalem ki te rele Siméon. Mesye sa a te jis e devwe. Li t ap chache konsolasyon Israël, epi Lespri Sen an te sou li.


Li rete lakay a yon bòs tanè yo rele Simon ki rete bò lanmè a.”


Lè l te fin eksplike yo tout bagay, li te voye yo Joppé.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite