Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 1:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Yo te fè tiraj osò pou yo, e osò a te tonbe pou Matthias. Konsa, li te ajoute pami onz apòt yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

26 Apre sa, yo fè tirajosò. Se Matyas ki soti. Se konsa yo mete li ansanm ak onz apot yo.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

26 Apre sa, yo fè tiraj osò pou yo, epi chwa a te tonbe sou Matyas. Konsa, Matyas te vin apot akote lòt onz apot yo.

Gade chapit la Kopi




Travay 1:26
15 Referans Kwoze  

Konsa yo te divize pa tiraj osò, youn tankou lòt la; paske yo te sèvi kon ofisye nan sanktiyè a e ofisye a Bondye, e nan desandan a Éléazar yo ak desandan a Ithamar yo.


Menm jan an, nou te tire osò pou founi depo bwa pou prèt yo, Levit yo ak pèp la pou yo ta kab mennen li lakay Bondye a, selon lakay zansèt papa nou yo, nan lè ki te etabli nan ane a, pou brile sou lotèl SENYÈ a, Bondye nou an, jan sa ekri nan lalwa a;


Alò, chèf a pèp yo te rete Jérusalem, men rès pèp la te tire osò pou fè youn nan dis Izrayelit andeyò yo vin rete Jérusalem, nan vil sen an, pandan nèf sou dis te rete nan lòt vil yo.


Bon konprann se yon fontèn dlo lavi pou sila ki genyen l; men pou disipline moun ensanse yo se foli.


Tiraj osò fèt nan fon wòb; men tout desizyon ki sòti, sòti nan SENYÈ a.


Aaron va fè tiraj osò pou de kabrit sa yo, yon osò pou SENYÈ a, e lòt osò a pou kabrit ekspiyatwa a.


Chak mesye yo te di a konparèy yo: “Vini, annou fè tiraj osò pou nou ka konprann sou kont kilès gwo malè sa a rive nou an.” Yo te fè tiraj osò a, e sò a te tonbe sou Jonas.


Apòt yo te rasanble avèk Jésus. Yo te bay Li yon rapò de tout sa yo te fè ak sa yo te enstwi.


Konsa yo te mete devan de mesye, Joseph ke yo te rele Barsabbas, ki te anplis rele Justus, ak Matthias.


“Lè L te fin detwi sèt nasyon nan tè Canaan an, Li te divize tè pa yo a kòm eritaj. Sa te pran anviwon kat san senkant ane.


Men Pierre, ki te kanpe fèm avèk onz yo, te leve vwa li e te deklare a yo menm: “Moun a Judée yo, ak nou tout ki rete Jérusalem yo, kite sa byen konnen pami nou, e prete atansyon a pawòl mwen.


selon tiraj osò eritaj pa yo, jan SENYÈ a te kòmande a, pa Moïse pou nèf tribi avèk mwatye tribi a.


Epi Josué te tire yo osò pou yo nan Silo devan SENYÈ a e la, Josué te divize peyi a pou fis Israël yo selon divizyon pa yo.


Epi miray vil la te gen douz wòch nan fondasyon an, e sou yo, se te douz non a douz apot Jèn Mouton an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite