Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 1:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 pou okipe èv apòt sila a ke Judas te vire kite pou ale nan pwòp plas li a.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

25 pou sèvi apòt nan plas Jida te kite pou l'al kote ki te pou li a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

25 pou sèvi kòm apot nan ministè sa a Jida te kite tonbe pou l al kote ki pou li a.

Gade chapit la Kopi




Travay 1:25
15 Referans Kwoze  

Lè l fin jije, kite li sòti koupab e kite lapriyè li devni peche.


“Apre Li va di a sila ki agoch Li yo: ‘Sòti sou Mwen, nou menm ki modi, pou ale nan dife etènèl ki te prepare pou Satan avèk zanj li yo a.


Epi sila yo va ale nan pinisyon etènèl, men jis yo nan lavi etènèl.”


Fis a Lòm nan gen pou ale, jan ke li ekri sou Li a, men malè a sila ki trayi Fis a Lòm nan! Li t ap pi bon pou li si li pa t janm fèt.”


Epi apre mòso a, Satan te antre nan li. Konsa, Jésus te di l: “Sa w ap fè a, fè vit.”


Pandan Mwen te avèk yo, Mwen t ap kenbe yo nan non Ou, sa ke Ou te ban Mwen yo. E Mwen te gade yo. Youn nan yo pa t pèdi sof fis pèdisyon an, pou Lekriti ta kapab akonpli.


Pa Li menm nou te resevwa gras e te rele kòm apot pou fè parèt obeyisans lafwa a pami tout etranje yo pou koz Sen Non Li.


Si pou lòt yo mwen pa yon apòt, omwen mwen se yon apòt pou nou. Paske nou se so a ki fè m apòt nan Senyè a.


Paske Sila ki te an reyalite travay atravè Pierre kòm apot pou sikonsi yo, te an reyalite travay atravè mwen menm tou anvè pèp etranje yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite