Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 1:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 “Frè m yo, Ekriti a te oblije vin akonpli, jan Lespri Sen an te anonse oparavan pa bouch David konsènan Judas ki te vin yon gid a sila ki te arete Jésus yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 — Frè m yo, sa Sentespri te anonse nan Liv yo, fòk sa te rive vre. Se konsa, nan bouch David, li te fè konnen davans ki jan Jida ta pral mennen moun ki te arete Jezi yo.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Frè ak sè m yo, li te nesesè pou pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre. Mwen vle pale de pawòl Sentespri a te anonse davans nan bouch wa David konsènan Jida. Li te di se Jida li t apral mennen moun ki te vin arete Jezi yo.

Gade chapit la Kopi




Travay 1:16
38 Referans Kwoze  

Nan mwen, Lespri SENYÈ a te pale, Pawòl pa Li te sou lang mwen.


Sa se pawòl SENYÈ a te pale a Jéhu e te di: “Fis ou yo jis rive nan katriyèm jenerasyon va chita sou twòn Israël la.” Epi se konsa sa te ye.


Menm zanmi ki te pre m nan, nan sila mwen te mete konfyans la, li ki te manje pen mwen, te leve talon li kont mwen.


Konsa, youn nan douz yo ki te rele Judas Iscariot te ale kote chèf prèt yo.


Pandan Li te toujou ap pale, Judas, youn nan douz yo, te pwoche. Li te akonpanye pa yon gwo foul avèk nepe ak baton, ki te voye pa gran prèt ak lansyen a pèp yo.


Men kijan konsa, pou Ekriti Sen yo kab vin akonpli ki fè nou konnen jan l ap oblije fèt?”


Men tout sa vin rive pou Ekriti Sen yo selon pwofèt yo ta kapab vin akonpli.” Lapoula, tout disip Li yo te kouri kite Li.


Menm David te di nan Lespri Sen an: ‘Senyè a te di a Senyè Mwen an, chita sou men dwat Mwen, jouk lè ke M mete tout lènmi Ou yo anba pye Ou.’


Nan menm moman an, pandan Li toujou t ap pale, Judas, youn nan douz yo, te vin parèt, akonpanye pa yon foul avèk nepe ak baton ki te sòti nan chèf prèt yo, avèk skrib yo, ak ansyen yo.


Pandan Li te toujou ap pale, men yon foul te parèt avèk sila ki te rele Judas a, youn nan douz yo, ki t ap mennen yo. Li te pwoche Jésus pou bo L.


“Si Li te rele yo dye yo, sila ki te resevwa pawòl Bondye yo (epi Ekriti Sen yo p ap kapab chanje),


“Se pa a nou tout ke M pale. Mwen konnen sila ke M te chwazi yo. Men se pou Lekriti sen yo kapab akonpli. ‘Sila ki manje pen Mwen an te leve talón li kont Mwen.’


Pandan Mwen te avèk yo, Mwen t ap kenbe yo nan non Ou, sa ke Ou te ban Mwen yo. E Mwen te gade yo. Youn nan yo pa t pèdi sof fis pèdisyon an, pou Lekriti ta kapab akonpli.


Paske bagay sa yo te vin pase, pou Lekriti a ta kapab akonpli “Pa menm yon zo nan Li va kase.”


“Paske sa ekri nan liv Sòm Yo: ‘Kite kote li rete a vin devaste; e pa kite pèsòn rete ladan l’; ‘Kite yon lòt moun vin pran pozisyon pa li a’.


Aprè Lalwa ak Pwofèt yo te fin li, ofisye yo te voye kote yo e te di: “Frè yo, si nou gen nenpòt pawòl pou egzòte pèp la, pale.”


“Konsa, kite sa vin konnen a nou menm, frè yo, ke atravè Li menm, padon pou peche yo pwoklame a nou menm.


Apre yo te fin pale Jacques te reponn e te di: “Frè yo, koute mwen.


Apre anpil diskisyon, Pierre te kanpe e te di yo: “Frè yo, nou konnen ke nan tan pase yo, Bondye te fè yon chwa pami nou, ke pa bouch mwen, pèp etranje yo ta dwe tande pawòl levanjil la, e vin kwè.


nonm sila a, livre selon plan ak avan konesans Bondye, nou te kloue sou yon kwa pa men lèzòm san prensip Bondye yo, e te mete li a lanmò.


Alò, lè yo te tande sa, yo te vin santi doulè jis nan kè yo, e te di a Pierre ak lòt apòt yo: “Frè yo kisa pou nou ta fè?”


“Frè yo ak papa yo, tande defans mwen ke m ap ofri nou koulye a.”


Paul te gade konsèy la avèk atansyon, e te di: “Frè yo mwen viv lavi m avèk yon trè bon konsyans devan Bondye jiska jodi a.”


Men byen konprann ke yon pati se te Sadiseyen yo, e lòt la, Farizyen yo, Paul te kòmanse kriye fò nan konsèy la: “Frè m yo, mwen menm se yon Fariziyen, yon fis a Farizyen. Mwen ap jije devan tribinal a pou esperans nan rezirèksyon a mò yo!”


Apre twa jou Paul te rele ansanm moun ki te pi enpòtan pami mesye Jwif yo. Lè yo te vin ansanm, li te kòmanse ap di yo: “Frè yo malgre mwen pa t fè anyen kont pèp nou an, oubyen koutim zansèt nou yo, konsa, mwen te livre kòm prizonye soti Jérusalem nan men Women yo.


Lè yo pa t dakò youn avèk lòt, yo te kòmanse pati lè Paul te fin pale dènye pawòl sila a: “Lespri Sen an te gen rezon lè l te pale atravè Ésaïe, pwofèt a zansèt nou yo,


Li te di: “Koute m frè m yo ak ansyen mwen yo!” Bondye laglwa a te parèt devan zansèt nou, Abraham lè li te nan Mésopotamie, avan ke li te rete Charran.


pou chèche konnen ki moun, oubyen a kilè Lespri a Kris la anndan yo a, t ap endike lè li te pwofetize soufrans a Kris ak glwa ki t ap swiv yo a.


Paske okenn pwofesi pa t janm fèt pa volonte a moun, men lèzòm, dirije pa Lespri Sen an te pale pawòl yo ki te soti nan Bondye.


Paske li ta pi bon pou yo pa t konnen chemen ladwati a, olye yo vin konnen l, pou vire kite kòmandman sen ki te livre a yo menm nan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite