Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 1:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Nan lè sa a, Pierre te kanpe nan mitan frè yo (yon asanble de anviwon san ven moun ki te la ansanm) e te di:

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Yon jou tout frè yo te sanble, te gen sanven (120) moun antou konsa. Pyè kanpe nan mitan yo, li di:

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Yon jou, tout frè yo te rasanble. Te gen anviwon san ven (120) moun kon sa ki te la. Pyè kanpe nan mitan foul la, li di:

Gade chapit la Kopi




Travay 1:15
31 Referans Kwoze  

Li te pale yon lòt parabòl a yo menm. Li te di: “Wayòm syèl la tankou yon grenn moutad ke yon nonm te pran pou simen nan jaden li.


Men Mwen tepriye pou ou, pou lafwa ou pa pèdi; e pou ou, nan lè ke ou retounen ankò, kab bay frè ou yo fòs.”


“Anverite, anverite, Mwen di nou, moun ki kwè nan Mwen, zèv ke Mwen fè yo, li menm va fè yo tou, e pi gwo zèv pase sa yo l ap fè. Paske Mwen ap ale kote Papa a.


Konsa, pawòl sa te kouri pami tout frè yo ke disip sila a pa t ap mouri. Men Jésus pa t di li ke li pa t ap mouri, men sèlman “Si Mwen vle li rete jis lè Mwen vini, kisa sa ye pou ou?”


Konsa, li te envite yo antre, e li te bay yo lojman. Nan jou swivan a, li te leve. Li te sòti avèk yo, e kèk nan frè Joppé yo te akonpanye li.


Alò, apòt yo ak frè fidèl yo ki te nan tout Judée te tande ke pèp etranje yo osi te resevwa pawòl Bondye a.


“Lespri a te di m ale avèk yo san krent. Sis frè sila yo osi te ale avè m, e nou te antre nan kay mesye a.


Lè li te twouve li, li te mennen l Antioche. Pandan yon ane antye yo te reyini avèk legliz la, e yo te enstwi anpil moun. Disip yo te premyèman rele “Kretyen” la a, nan Antioche.


Epi selon mwayen ke nenpòt disip te genyen, yo chak te detèmine pou voye asistans pou sekou a frè yo nan Judée.


Men li te fè yon sinyal avèk men l, pou yo fè silans, e te eksplike yo jan Senyè a te mennen li sòti nan prizon an. Li te di: “ Fè Jacques ak frè yo konnen bagay sa yo.” Konsa, li te pati e te ale yon lòt kote.


Men Jwif ki pa t kwè yo te boulvèse lespri pèp etranje yo, e te vin fè yo vin egri kont frè fidèl yo.


Alò kèk mesye te desann sòti Judée e te kòmanse enstwi frè yo: “Amwenske nou vin sikonsi selon koutim Moïse la, nou pa kapab sove.”


Konsa voye pa legliz la, yo t ap travèse Phénicie ak Samarie, e t ap bay an detay istwa konvèsyon pèp etranje yo. Sa te fè kè a tout frè yo kontan anpil.


Tout frè fidèl ki te nan Lystre avèk Icone yo te pale byen de li.


Yo te kite prizon an e te antre lakay Lydie. Lè yo te wè frè yo, yo te ankouraje yo, e yo te pati.


Frè yo, konsa, te voye Paul ak Silas ale nan Bérée pandan nwit lan. Lè yo te rive, yo te antre nan sinagòg Jwif yo.


Alò, imedyatman frè yo te voye Paul deyò pou ale jis kote lanmè a, e Silas ak Timothée te rete la.


Men lè yo pa t twouve yo, yo te kòmanse rale Jason ak kèk lòt nan frè yo devan otorite vil yo. Yo t ap rele: “Mesye sa yo k ap boulvèse tout mond lan rive isit la tou.


Paul, apre li te rete pandan anpil jou ankò, te kite frè yo pou te monte sou lanmè a pou rive Syrie, e avèk li te gen Priscille ak Aquilas. Nan Cenchrées li te fè yo pase razwa sou cheve tèt li, paske li t ap swiv yon ve.


Lè Apollos te vle travèse a Achaïe, frè yo te ankouraje li, e te ekri a disip yo pou ankouraje li. Lè l te rive, li te anpil èd pou sila ki te kwè pa gras yo.


Apre nou te rive Jérusalem frè fidèl yo te resevwa nou avèk kè kontan.


Lè yo te tande sa yo te kòmanse bay glwa a Bondye. Yo te di li: “Ou wè, frè, konbyen milye ki gen pami Jwif yo nan sila ki te kwè yo, e yo tout te ranpli ak zèl pou Lalwa a.


Lè nou te fin fè vwayaj la sòti Tyr, nou te rive Ptolémaïs. Lè nou te fin salye frè yo, nou te rete avèk yo pandan yon jou.


kòm osi wo prèt la ak tout konsèy ansyen yo kapab temwaye. Nan men yo, mwen te resevwa osi lèt pou tout frè yo, e te pati pou Damas, pou m ta kapab mennen menm sila ki te la Jérusalem yo kòm prizonye, pou yo ta kab pini.


La nou te twouve kèk frè ki te envite nou rete avèk yo pandan sèt jou, e konsa nou te rive Rome.


Apre sa, Li te parèt a plis ke senk san frè yon sèl kou, pifò nan yo rete la jiska prezan, malgre kèk nan yo gen tan mouri.


Epi nan lè sa a, te gen yon gwo tranbleman detè, e yon dizyèm pati nan vil la te tonbe. Sèt-mil moun te mouri nan tranbleman detè a, e rès moun yo te vin ranpli avèk laperèz e te bay glwa a Bondye syèl la.


“Men nou gen kèk moun nan Sardes ki pa t sal vètman yo. Yo va mache avèk Mwen abiye an blan, paske yo dign de sa.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite