Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 90:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Avan mòn yo te vin parèt, oswa Ou te bay nesans a mond lan avèk tè a, menm pou tout tan e pou tout tan, Ou se Bondye.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Anvan menm ou te kreye mòn yo, anvan ou te fè latè ak tout sa ki ladan l, depi tout tan ak pou tout tan se Bondye ou ye.

Gade chapit la Kopi




Sòm 90:2
23 Referans Kwoze  

Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo ak tè a.


“Èske se ou ki te premye la ki te fèt sou tè a, oswa èske ou te fèt avan tout kolin yo?


Gade byen, Bondye leve wo, men nou pa konnen Li. Fòs kantite ane Li yo pa kab dekouvri menm.


Ou va leve pou fè pitye sou Sion, paske se lè pou fè li gras. Lè apwente a fin rive l.


Men lanmou dous a SENYÈ a, soti pou tout tan jis rive pou tout tan sou sila ki gen lakrent Li yo e ladwati Li a pitit pitit li yo,


Ki te fè syèl la avèk tè a, lanmè ak tout sa ki ladann. Ki fidèl jis pou tout tan.


Paske Li te pale e mond lan te fèt. Li te kòmande e li te kanpe fèm.


Twòn Ou etabli depi tan ansyen an. Ou la depi nan etènite.


Konsa, Aaron te lonje men l sou dlo Égypte yo, e krapo te vin kouvri peyi Égypte la.


Konsa pale SENYÈ a, Wa Israël la, ak Redanmtè li a, SENYÈ dèzame yo: Mwen se premye a e Mwen se dènye a; nanpwen Bondye sof ke Mwen menm.


“Vire kote Mwen pou vin sove, tout pwent latè yo; paske Mwen se Bondye e pa gen lòt.


Paske se konsa Sila ki wo e egzalte, Sila ki viv jis pou tout tan an, non a Li se Sila ki Sen an, pale: “Mwen rete nan kote ki wo e ki sen, anplis ak li menm ki gen kè ki pi e ki enb, pou fè leve lespri a enb yo, e fè leve kè a sila a ki plen regrè pou peche.


“Mwen te kontinye gade jiskaske twòn yo te vin plase. Epi youn ki te Ansyen de Jou Yo te chita. Abiman Li te tankou lanèj blan, e cheve nan tèt Li te tankou lenn san tach. Twòn Li te briyan akoz flanm yo, e wou li yo te yon dife ki t ap brile.


Men ou menm, Bethléhem Éphrata, pi piti pami fanmi a Juda yo, nan ou va soti de Mwen Youn pou vin chèf an Israël. Lè pou L vin parèt la te etabli depi nan tan ansyen yo, jis rive nan jou etènite yo.


Èske se pa nan letènite Ou sòti, O SENYÈ, Bondye mwen an, Sila Ki Sen mwen an? Nou p ap mouri. Ou menm, O SENYÈ, Ou te dezinye yo pou jijman an. Ou menm, O Woche a, Ou te etabli yo pou pinisyon.


Jésus Kri se menm lan ayè, jodi a, e pou tout tan.


“Mwen se Alfa a e Omega a,” di Senyè Bondye a: “Sila ki la, ki te la, e ki va vini an, Toupwisan an.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite