3 Montre m gras Ou, O SENYÈ, paske se a Ou menm mwen kriye tout lajounen.
3 Gen pitye pou mwen, Senyè, paske se tout lajounen m'ap kriye nan pye ou!
Mennen mwen nan verite Ou e enstwi mwen, Paske se Ou menm ki Bondye delivrans mwen; se Ou m ap tann tout lajounen.
Reponn mwen lè m rele Ou, O Bondye ladwati mwen; Ou te fè m pran souf nan gran twoub mwen an. Fè m gras e tande lapriyè mwen.
Lènmi m yo pale mal kont mwen: “Kilè l ap mouri pou non li disparèt?”
Nan aswè, nan maten ak midi, mwen va plenyen e bougonnen. Li va tande vwa m.
Fè m gras, O Bondye, paske lòm fin foule m anba pye; Nan goumen tout lajounen, li vin oprime mwen.
Fè m gras, SENYÈ, O Bondye, fè m gras, paske nanm mwen kache nan Ou. Wi, nan lonbraj a zèl Ou, mwen va kache, jiskaske destriksyon an fin pase.
Èske Ou va fè mirak pou mò yo? Èske lespri ki fin pati yo va leve pou bay Ou lwanj? Tan
Kite priyè mwen vini devan Ou. Panche zòrèy Ou vè kri mwen an!
Zye m gen tan pouri akoz afliksyon. Mwen te rele Ou chak jou, O SENYÈ. Mwen te lonje men m yo vè Ou menm.
Alò, èske Bondye p ap fè jistis pousila Li chwazi yo, ki kriye a Li lajounen kon lannwit, epi èske Li vafè anpil reta sou yo?
answit, kon vèv jis rive nan laj katre-ven-kat ane. Li pa t janm kite tanp lan e te sèvi lajounen kon lannwit nan jèn ak lapriyè.
Avèk tout lapriyè ak siplikasyon, priye nan Lespri a tout tan, e avèk tout sa an konsiderasyon, rete vijilan avèk tout pèseverans ak siplikasyon pou tout fidèl yo.