Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 69:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Mwen fatige nèt ak kriye mwen an. Gòj mwen sèk nèt. Zye m varye pandan mwen ap tann Bondye mwen an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 (4) Mwen bouke rele, mwen pa kapab ankò. Gòj mwen ap fè mwen mal. Je m yo ap boule m sitèlman m'ap veye tann sekou Bondye mwen an.

Gade chapit la Kopi




Sòm 69:3
18 Referans Kwoze  

Men zye a mechan yo va gate, e p ap gen chape pou yo. Pou yo, espwa va pou yo kab rann dènye souf yo.”


Figi mwen vin wouj akoz kri mwen yo e pòpyè zye m vin fonse nwa,


Zye m bese ak anvi wè delivrans Ou, avèk pawòl ladwati Ou.


Zye m vin ba ak anvi pawòl Ou, pandan m ap di: “Kilè W ap vin konsole mwen?”


Fòs mwen vin sèch tankou cha kanari. Lang mwen kole akote nan bouch mwen. Ou fè m kouche nan pousyè lanmò a.


O Bondye mwen, mwen kriye pandan lajounen, men Ou pa reponn. E nan lannwit men m pa jwenn repo.


Kite entegrite avèk ladwati pwoteje mwen, paske se Ou m ap tann.


Konsa, SENYÈ, kisa m ap tann nan? Espwa m se nan Ou.


Li te mete yon chanson nèf nan bouch mwen, yon chan lwanj Bondye nou an. Anpil moun va wè, vin gen lakrent e va mete konfyans nan Bondye.


Mwen bouke ak plent ki sòti anndan m. Chak nwit, kabann mwen vin naje ak dlo. Dlo ki sòt nan zye m yo fin gate kabann nan.


Anplis, yo te ban mwen fyèl kon manje ak vinèg pou swaf mwen.


Kòlè Ou vin poze sou mwen. Ou te aflije m ak tout vag lanmè Ou yo. Tan


Tankou yon iwondèl, tankou yon zwazo se konsa mwen kriye. Mwen plenyen kon yon toutrèl. Zye m gade ak feblès vè wotè yo. O Senyè, mwen oprime! Fè m sekou!


Zye m gate akoz dlo k ap sòti ladann, lespri m vin nan gwo twoub; kè m vin vide atè nèt, akoz fi a pèp mwen an vin detwi e timoun ak tibebe yo ap fennen nan lari vil la.


Apre sa Jésus, byen konnen ke tout bagay te deja acheve, pou Lekriti a ta kapab akonpli, te di: “Mwen swaf.”


“Fis nou yo ak fi nou yo va bay a yon lòt pèp. Zye nou yo ap gade sou sa e anvi wè yo tout tan, men p ap gen anyen nou kapab fè.


Nan jou lachè Li yo, Li te ofri priyè, siplikasyon avèk gwo kriye ak dlo nan zye a Sila sèl ki ta kapab sove Li soti nan lanmò a, e Li, Bondye, te tande akoz de sentete Li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite