Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 64:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Konsa, yo va chape tonbe. Pwòp lang pa yo va kont yo. Tout moun ki wè yo va souke tèt yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 (9) Se lang yo k'ap bat yo. Tout moun ki wè yo ap pase yo nan betiz.

Gade chapit la Kopi




Sòm 64:8
19 Referans Kwoze  

Pwòp bouch ou kondane ou, pa mwen; epi pwòp lèv ou fè temwayaj kont ou.


Epi pou chèf an tèt a sila ki antoure mwen yo, pou malveyans a pwòp lèv yo kapab vin kouvri yo.


Fè parèt eklè pou gaye yo. Voye flèch Ou pou mete yo nan konfizyon.


Tout moun ki wè m vin moke mwen. Yo separe avèk lèv yo e yo souke tèt yo pou di:


Akoz tout advèsè mwen yo, mwen te devni yon objè abominab, sitou a vwazen mwen yo, e yon objè laperèz a sila ki rekonèt mwen yo. Sila ki wè m nan lari yo sove ale devan m.


Moun dwat yo va wè, va gen lakrent; yo va ri sou li epi di:


Akoz peche a bouch yo avèk pawòl lèv yo, Kite yo sezi pran nan pwòp ògèy yo. Paske se malediksyon avèk manti yo bay.


Lè lènmi m yo vire fè bak, yo tonbe e peri devan Ou.


Yon moun mechan pyeje pa transgresyon lèv li; men moun dwat la va evite pwoblèm.


Bouch a moun san konprann nan se dega li; e lèv li se pèlen pou nanm li.


Y ap fè peyi nou vin yon dega, yon objè moun ap sifle. Tout sila ki pase ladann va etone pou sa e va souke tèt yo.


Alò, èske nou pa t konsidere Israël kon yon rizib? Oswa, èske se pami volè li te tonbe? Paske chak fwa nou pale sou li, nou souke tèt nou konsi n ap giyonnen li.


Konsa, li va vin rive ke tout moun ki wè ou, yo va fè bak, e yo va di: “Men Ninive fin devaste nèt! Se kilès k ap fè dèy pou li? Se kibò pou m ta jwenn moun ki pou rekonfòte ou?”


Tout Israël ki te antoure yo te sove ale pandan yo t ap rele, paske yo te di: “Tè a kapab vin vale nou nèt!”


Yo te di Li: “L ap mennen malveyan sa yo a yon move fen, epi li va lwe chan sa a bay lòt kiltivatè k ap peye li sa yo dwe yo nan pwòp lè yo.”


“Li te di li: “Esklav mechan, pa pwòp pawòl ou, mwen va jije ou. Èske ou pa t konnen ke m se yon moun egzijan, ke m ranmase sa ke m pa t depoze, e rekòlte sa ke m pa t simen?


Y ap kanpe a yon distans akoz de pè a toumant li an, e y ap di:” ‘Malè, malè, gran vil, Babylone nan, vil ki fò a! Paske, nan yon èdtan, jijman ou gen tan rive.’


Mwen te tande yon lòt vwa soti nan syèl la ki t ap di: “Sòti kite li, pèp mwen an, pou nou pa patisipe nan peche li yo e resevwa fleyo li yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite