Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 64:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Yo fè manèv pou enjistis e di: “Nou prè pou yon konplo byen fòme”. Paske panse lenteryè a moun se byen fon.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 (7) Y'ap fè move plan, y'ap veye pou moun pa dekouvri yo. Sa ki nan kè yon moun ak nan lide li se mistè.

Gade chapit la Kopi




Sòm 64:6
16 Referans Kwoze  

Lè li tande ke m te leve vwa m pou rele fò, li te kite vètman li bò kote mwen, e li te sove ale kouri deyò.”


Li pale a tèt li: “Bondye bliye. Li kache figi Li; Li p ap janm wè sa.”


Fo temwen sovaj yo leve. Yo mande mwen bagay ke m pa menm konnen.


Yo reflechi anndan kè yo ke kay yo se pou tout tan, epi kote yo rete a se pou tout jenerasyon yo. Yo te rele peyi yo a menm non ak yo.


Nanpwen anyen stab nan pawòl pa yo. Anndan yo se pouriti menm. Gòj yo se yon tonm ki louvri. Yo fè flatè ak lang yo.


Yon plan nan kè moun se tankou dlo fon; men yon nonm ak bon konprann rale l fè l sòti.


Malè a sila ki kache plan yo byen fon pou SENYÈ a pa wè, e ki fè zak yo nan fènwa a, e y ap di: “Se kilès ki wè nou?” Oswa “Se kilès ki rekonèt nou?”


Epi chèf prèt yo avèk tout Konsèy la t ap fòse wè si yo ta kab twouve kèk fo temwayaj kont Jésus, pou yo ta kapab mete L a lanmò.


Jwif yo te reponn li: “Nou gen yon lwa, e pa lwa sila a, Li dwe mouri paske Li te fè kòmsi se Fis a Bondye Li ye.”


Pou sa pa kontinye jije avan lè, men tann jiskaske Senyè a vini pou Li kapab nan menm tan eklere nan limyè bagay ki kache nan tenèb yo, e devwale tout motif ki nan kè lèzòm. Konsa, lwanj chak moun resevwa va sòti nan Bondye.


Alò, Doëg, Edomit lan, ki te kanpe akote sèvitè Saül yo te di: “Mwen te wè fis a Jesse a lè l t ap vini Nob, kote Achimélec, fis a Achithub la.


David te di a Saül: “Poukisa ou koute pawòl a moun k ap di: ‘Gade byen, David ap chache fè ou mal!’?


Men Nabal te reponn sèvitè David yo e te di: “Se kilès ki David la? Epi se kilès ki fis a Jesse a? Gen anpil sèvitè nan tan sa yo k ap chape kite mèt yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite