Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 57:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Mwen va kriye a Bondye Pi Wo a, a Bondye ki acheve tout sa m mande an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 (3) M'ap kriye nan pye Bondye ki anwo nan syèl la, nan pye Bondye ki fè anpil byen pou mwen an.

Gade chapit la Kopi




Sòm 57:2
12 Referans Kwoze  

SENYÈ a va akonpli sa ki konsène mwen an. Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, se pou tout tan. Pa abandone zèv men Ou yo.


Delivre mwen, O SENYÈ, de lènmi mwen yo. Mwen kache nan Ou.


Kenbe m tankou de zye nan tèt Ou. Kache mwen anba lonbraj a zèl Ou,


Lènmi m yo pale mal kont mwen: “Kilè l ap mouri pou non li disparèt?”


Lènmi m yo vle vale m tout lajounen. Yo anpil! Tout sila ki goumen ak ògèy kont mwen yo.


SENYÈ, Ou va etabli lapè pou nou, akoz ou te akonpli pou nou tout zèv nou yo.


Vini, pèp mwen an, antre nan chanm nou e fèmen pòt nou dèyè nou. Kache pou yon ti tan jiskaske gwo kòlè a fin pase.


Paske se konsa Sila ki wo e egzalte, Sila ki viv jis pou tout tan an, non a Li se Sila ki Sen an, pale: “Mwen rete nan kote ki wo e ki sen, anplis ak li menm ki gen kè ki pi e ki enb, pou fè leve lespri a enb yo, e fè leve kè a sila a ki plen regrè pou peche.


Paske mwen gen konfyans menm nan bagay sa a; ke Sila ki te kòmanse fè yon bon zèv nan nou an, va byen konplete li jiska jou a Kris Jésus a.


Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen fè travay sali nou an avèk lakrent ak tranbleman.


ekipe nou nan tout bon zèv, pou fè volonte Li, nan travay nan nou sa k ap fè plezi devan zye Li, nan Jésus Kri, a Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite