Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 53:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Yo tout te vire akote. Ansanm yo vin konwonpi. Nanpwen nan yo ki fè byen, pa menm youn.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 (4) Men, yo tout vire do bay Bondye. Yo tout yo mete tèt ansanm pou fè sa ki mal. Pa gen yonn ladan yo k'ap fè sa ki byen, non, pa menm gen yon sèl ladan yo.

Gade chapit la Kopi




Sòm 53:3
13 Referans Kwoze  

Konsa, tout mesye Israël yo te sispann swiv David, e yo te swiv Schéba, fis a Bicri a. Men mesye Juda yo te rete lwayal a wa pa yo a, soti nan Jourdain an, jis rive Jérusalem.


konbyen anmwens, yon moun ki degoutan e konwonpi; lòm ki bwè inikite kon dlo a!


Yo tout te vire akote. Ansanm yo te vin konwonpi. Nanpwen ki fè sa ki bon, pa menm youn.


Nou tout kon mouton, te pèdi chemen nou yo. Nou chak te antre nan pwòp chemen pa nou, men SENYÈ a te fè inikite a nou tout tonbe sou Li.


Paske nou tout te vini tankou yon moun ki pa pwòp. Tout zèv ladwati nou yo tankou yon rad ki sal nèt; konsa, nou tout vin fennen kon yon fèy, e inikite nou yo tankou van, pote nou ale.


Epi Mwen va flite yon dlo pwòp sou nou e nou va vin pwòp. Mwen va netwaye nou de tout sa ki malpwòp nan nou, e de tout zidòl nou yo.


sila ki te vire fè bak pou yo pa swiv SENYÈ yo, ak sila ki pa t ni chache ni mande pou SENYÈ a.”


Tout detounen, ansanm yo tout vin initil. Pa gen moun ki fè sa ki bon; pa menm yon sèl.


Konsa, paske nou gen pwomès sa yo byeneme, annou netwaye tèt nou de tout salte lachè ak lespri, e vin konplete lasentete nan lakrent Bondye.


Si nou konnen ke Li dwat nèt, nou konnen osi ke tout moun ki pratike ladwati a se ne a Li.


Zanmi mwen yo pa imite sa ki mechan, men sa ki bon. Sila ki fè byen a Bondye. Sa ki fè mal pa janm te wè Bondye.


Kite sila ki fè mal la, kontinye fè mal. Kite sila ki sal la, kontinye sal. Kite sila ki dwat la, kontinye pratike ladwati. E kite sila ki sen an, kontinye kenbe tèt li sen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite