Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 53:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Moun fou a di nan kè li: “Nanpwen Bondye”. Yo konwonpi! Yo fè zak enjis ki abominab. Nanpwen ki fè sa ki bon.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 (2) Moun fou di nan kè yo: — Pa gen Bondye! Yo tout fin pouri. Y'ap fè yon bann mechanste. Pa gen yonn ki fè sa ki byen.

Gade chapit la Kopi




Sòm 53:1
24 Referans Kwoze  

Jéroboam te di nan kè l: “Koulye a, wayòm nan va retounen lakay David.


Te gen osi gason ki fè pwostitiye tanp zidòl nan peyi a. Yo te fè selon tout abominasyon a lòt nasyon ke SENYÈ a te fè sòti devan fis Israël yo.


Se kilès ki kab fè pwòp sa ki pa pwòp? Pèsòn!


konbyen anmwens, yon moun ki degoutan e konwonpi; lòm ki bwè inikite kon dlo a!


Li pale a tèt li: “Bondye bliye. Li kache figi Li; Li p ap janm wè sa.”


Poukisa mechan an te meprize Bondye? Li te di nan tèt li: “Ou p ap egzije m sa”.


Mechan an nan wotè rega li, refize chache Bondye, Tout panse li se ke: “Nanpwen Bondye.”


Li di a pwòp tèt li: “Mwen p ap ebranle menm; Pandan tout jenerasyon yo, mwen p ap gen pwoblèm ditou.”


O SENYÈ, Bondye sali mwen an, Mwen te kriye fò lajounen kon lannwit devan Ou.


Yon nonm ensanse pa gen konesans, ni yon nonm bèt pa konprann sa:


Malgre sa, ou pa t sèlman mache nan chemen yo, oswa aji selon abominasyon yo; men konsi sa te twò piti, avan lontan, ou te aji pi konwonpi nan kondwit ou ke yo menm.


Anplis, Samarie pa t komèt mwatye nan peche ou yo, paske ou te ogmante abominasyon ou yo plis pase yo. Konsa, ou te fè sè ou a parèt dwat akoz tout abominasyon ke ou te komèt yo.


Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki fache avèk frè li, ap koupab devan tribinal. Epi nenpòt moun ki di: ‘Raka’ (pou ryen) ap koupab devan tribinal pi wo a, epi sila ki di: ‘enbesil’ ap koupab pou l antre nan lanfè.


“Men Bondye te di l: ‘Alò nonm ensanse! Menm nwit sa a, nanm ou ap rachte de ou; e koulye a, kilès k ap mèt a sa ou prepare yo?’


Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.


Menm jan yo pa t trouve l bon ankò pou rekonèt Bondye, Bondye te livre yo a yon panse tòde pou fè bagay ki pa pwòp sa yo.


Paske se yon gwo wont pou nou menm pale de bagay ki fèt an sekrè pa yo menm.


Nou p ap aji konsa anvè SENYÈ a, Bondye nou an, paske se tout zèv abominab ke SENYÈ a rayi yo, ke yo kon fè pou dye pa yo. Paske yo konn menm brile pwòp fis ak fi pa yo nan dife dye pa yo.


Paske tan ki pase deja a, sifi pou nou te akonpli tout dezi a payen yo. Nou te konn pouswiv yon kous sansyèl, dezi chanèl, vin sou, banbòch, gwo fèt bwason, ak idolatri ki abominab.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite