Men mwen pa t kwè rapò yo jiskaske mwen te rive e zye m te wè li. Epi vwala, yo pa t pale m mwatye verite. Ou depase nan sajès avèk richès rapò ke m te tande a.
Mwen pa t kache ladwati Ou anndan kè m. Mwen te pale selon fidelite Ou, avèk sali Ou. Mwen pa t kache lanmou dous Ou avèk verite Ou devan gran asanble a.
Rale m dèyè ou e annou kouri ansanm! Wa a mennen m nan chanm li yo. “Nou va rejwi nan ou e fè kè kontan; nou va leve lanmou ou wo plis pase diven. Ak bon rezon, yo renmen ou konsa.”
“Konsa tout vale kadav yo ak sann yo, e tout chan yo jis rive nan flèv Cédron nan, pou rive nan kwen Pòtay Cheval la, vè lès, va sen a SENYÈ a. Konsa, li p ap rache retire, ni jete ba ankò, jis pou tout tan.”