Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 38:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Paske inikite mwen yo fin monte sou tèt mwen. Tankou yon fado lou, yo peze twòp pou mwen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 (5) Peche m yo fè pil, yo kouvri tèt mwen. Y'ap kraze m tankou yon chay ki twò lou pou mwen.

Gade chapit la Kopi




Sòm 38:4
9 Referans Kwoze  

Mwen te di: “O Bondye mwen, mwen twouble, e mwen wont leve figi mwen vè Ou menm, Bondye mwen. Paske inikite nou yo vin leve pi wo tèt nou, e koupabilite nou vin grandi menm jis rive nan syèl yo.


“Lòm, anplis, resevwa chatiman doulè sou kabann li; avèk plent san rete jis rive nan zo li;


Yo te vin fou nèt nan rebelyon yo e akoz inikite yo, yo te aflije.


Paske malè ki depase kontwòl yo te antoure mwen. Inikite mwen yo te fin pran m nèt jiskaske mwen pa t kab wè. Yo plis pase cheve sou tèt mwen. Kè m fin fè fayit.


Apre gwo doulè nanm Li an, Li va wè limyè a, e Li va satisfè. Sèvitè Ladwati Mwen an va jistifye anpil moun akoz konnesans Li anvè Li menm; e Li va pote inikite yo.


Jouk transgresyon mwen yo vin mare; ak men Li yo koude nèt ansanm. Yo te rive jis nan kou m; Li te fè fòs mwen vin kraze disparèt. Senyè a te livre m nan men a sila yo; kont yo, mwen pa ka kanpe.


Alò, si nenpòt nan chè sakrifis ofrann lapè yo ta janm manje nan twazyèm jou a, sila ki ofri li a, p ap aksepte, e li p ap konte nan avantaj li. Li va yon bagay lèd, e moun ki manje ladann nan, va pote pwòp inikite pa li.


“Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo.


Epi Li menm te pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske ak blesi Li yo, nou te geri.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite