5 Blesi mwen yo vin santi e anfle akoz foli mwen.
5 (6) Maleng mwen yo santi, y'ap koule paske mwen te viv tankou moun fou.
Mwen te di: “O Bondye mwen, mwen twouble, e mwen wont leve figi mwen vè Ou menm, Bondye mwen. Paske inikite nou yo vin leve pi wo tèt nou, e koupabilite nou vin grandi menm jis rive nan syèl yo.
Lè m te kenbe silans selon peche mwen, kò m te desann bese nèt e mwen t ap plenyen tout lajounen.
Paske ren mwen plen ak brile. Nanpwen anyen ansante nan chè m.
Fè l plezi Ou, O SENYÈ, pou delivre mwen. Fè vit, O SENYÈ, pou ede mwen.
A la beni se sila ke Ou chwazi a e mennen toupre, pou l ka rete nan lakou Ou. Nou va satisfè ak tout bagay ki bon lakay Ou, sen tanp Ou a.
O Bondye, Ou konnen foli mwen. Koupabilite mwen pa kache devan Ou.
Èske pa gen pomad gerizon nan Galaad? Èske nanpwen doktè la? Alò poukisa lasante fi a pèp mwen an pa t restore?