Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 16:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan. Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Mwen toujou mete Senyè a devan je m. Paske li toujou bò kote m. Anyen pa ka brannen m.

Gade chapit la Kopi




Sòm 16:8
13 Referans Kwoze  

Paske Li kanpe kote men dwat malere a pou sove li de men a sila ki jije nanm li yo.


SENYÈ a sou men dwat ou. Li va kraze wa yo nan jou kòlè Li a.


SENYÈ a se gadyen ou. SENYÈ a se lonbraj a men dwat ou.


Si m te konte yo, yo t ap an kantite depase sab. Lè m leve nan dòmi, mwen toujou avèk Ou.


Li pa vèse bay lajan li avèk enterè, ni li pa aksepte yon kado anba tab kont inosan an. Sila ki fè bagay sa yo p ap janm ebranle.


Men ou va dekouvri tout lènmi ou yo. Men dwat ou va jwenn sila ki rayi ou yo.


Pou jiskilè, nou va atake yon nonm? Alò, èske nou ta touye li, nou tout, tankou yon miray k ap panche? Tankou yon kloti k ap kraze?


Li se sèl ki wòch mwen, sali mwen, ak sitadèl mwen. Mwen p ap ebranle menm.


Sali mwen an, avèk glwa mwen rete nan Bondye. Wòch fòs mwen an, ak kote pou m kache, se nan Bondye.


Sepandan, mwen avè W tout tan. Ou te kenbe men dwat mwen.


Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit, men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.


Pa lafwa, li te kite Égypte, san krent kòlè a wa a; paske li te kenbe fèm, kòmsi li te wè Sila ki pa vizib la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite