Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 149:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Louwe SENYÈ a! Chante a SENYÈ a yon chan tounèf, avèk lwanj Li nan asanble fidèl Li yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Lwanj pou Senyè a! Chante yon chante tou nèf pou Senyè a! Fè lwanj li nan mitan tout moun k'ap sèvi l yo lè yo reyini!

Gade chapit la Kopi




Sòm 149:1
15 Referans Kwoze  

Louwe SENYÈ a! Mwen va bay lwanj a SENYÈ a ak tout kè m, Ansanm ak moun ladwati yo ak nan asanble a.


Mwen va peye ve mwen yo a SENYÈ a. Wi, kite l fèt nan prezans a tout pèp Li a!


Mwen va chante yon chan tounèf a Ou menm, O Bondye; Sou ap dis kòd yo, mwen va chante lwanj a Ou menm,


Louwe SENYÈ a! Louwe SENYÈ a soti nan syèl yo! Louwe Li kote ki wo yo!


Mwen va pale non Ou a frè m yo. Nan mitan asanble a, mwen va louwe Ou.


Se depi a Ou menm ke lwanj mwen sòti nan gran asanble a; Mwen va akonpli ve mwen yo devan sila ki krent Li yo.


Chante a Li menm yon chan tounèf. Jwe ak kapasite e fò avèk yon gwo kri lajwa.


Mwen va bay Ou remèsiman nan gran asanble a. Mwen va bay Ou glwa pami yon gran foul.


Beni Bondye nan asanble yo, SENYÈ a menm, fontèn dlo Israël la.


Syèl yo va louwe mèvèy Ou yo, O SENYÈ, ansanm ak fidelite Ou nan asanble sen yo.


Chante a SENYÈ a yon chan tounèf! Chante a SENYÈ a tout latè a.


O chante a SENYÈ a yon chan tounèf, paske Li te fè anpil bèl mèvèy. Men dwat Li ak bra sen Li yo te vin genyen viktwa pou Li.


Chante a SENYÈ a yon chan tounèf, lwanj Li jis rive nan dènye pwent latè! Nou menm ki desann nan lanmè a, ak tout sa ki ladann, nou menm lil yo ak sila ki viv sou yo.


Li di: “Mwen va pwokame non Ou a frè m yo. Nan mitan asanble a, Mwen va chante lwanj Ou.


Epi yo te chante yon chan tounèf. Yo te di: “Dign se Ou menm pou pran liv la, e kase so li yo. Paske Ou te touye, e Ou te achte pou Bondye avèk san Ou; lèzòm de tout tribi, lang, pèp, ak nasyon.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite