Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 12:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Ou menm, O SENYÈ, va pwoteje yo. Ou va prezève yo soti nan jenerasyon sila a jis pou tout tan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 (8) Ou menm, Senyè, w'a toujou defann nou! Pa kite moun sa yo fè nou anyen!

Gade chapit la Kopi




Sòm 12:7
15 Referans Kwoze  

pou bay jistis a òfelen an avèk oprime a, pou lòm ki mache sou tè a, pa koze laperèz ankò.


Pawòl Ou san tach; akoz sa, sèvitè Ou a renmen yo anpil.


Li va pwoteje ou lè ou sòti ak lè ou antre, depi nan moman sa a e jis rive pou tout tan.


SENYÈ a kenbe tout sila ki renmen Li yo, men mechan yo, Li va detwi


Pwoteje m O Bondye, paske mwen kache nan Ou.


Paske se kilès ke Bondye ye, sof ke SENYÈ a? Epi se kilès ki wòch la, sof ke Bondye nou an.


Lakrent SENYÈ a pi; Li dire jis pou tout tan. Jijman yo SENYÈ a vrè; Yo jis san manke.


Paske SENYÈ a renmen jistis, e li pa abandone fidèl li yo. Yo prezève pou tout tan, men mechan yo va vin koupe retire nèt.


SENYÈ a ede yo e delivre yo. Li delivre yo soti nan men mechan yo e sove yo. Li sove yo, akoz se nan Li ke yo kache.


Mwen, SENYÈ a, se jeran li. Mwen wouze li tout tan. Pou pèsòn pa fè l donmaj, Mwen veye li lajounen kon lannwit.


Men lè li te wè anpil Farizyen avèk Sadiseyen ki t ap vini pou batèm nan, li te di yo: “Men yon bann vipè; kilès ki te di nou chape anba kòlè k ap vini an?


Anverite, Li renmen pèp la. Tout sen li yo nan men Ou. Sou pye Ou, yo tout pwostène. Yo te resevwa pawòl Ou yo.


ki pwoteje pa pwisans Bondye a pa lafwa, pou yon sali ki prè pou revele nan dènye tan an.


Jude, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, epi frè la a Jacques, ekri a sa yo ki rele sen nan Bondye, Papa a, epi ki konsève pou Jésus Kri.


L ap pwoteje pye a sen Li yo; men, mechan yo va jwenn silans nan tenèb la; paske se pa pa lafòs ke yon nonm vin reyisi.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite